Accueil yon dat,yon jou,yon evènman Yon jou, yon dat, yon evènman

Yon jou, yon dat, yon evènman

 

Ayiti

18 novanm 1803 : lame endijèn wonfle lame fransèz la

18 novanm 1803, lame endijèn bat lame fransèz. Se te nan rantre vil Okap yo te rele nan epòk sa, Kap Fransè, nan nò zile Sen Domeng, yon batay te mete fen nan tantativ « Napoléon Bonaparte », antanke Premye Konsil Repiblik Fransèz, pou retabli souverènte Lafrans sou zile a.

Rès lame fransè a, Jeneral « Donatien » ak « Rochambeau » te dirije, te rann tèt li bay ansyen pèp esklav la sou kòmandman « Jacques Dessalines ». 6 semèn aprè, koloni fransèz la te vin premye eta nwa endepandan, sou non « Ayiti ».

Depi lè sa se toujou gwo evènman nan vil Okap pou selebre dat istorik sa.

Sous : www.herodote.net
Et Haiti Reference

Itali

18 novanm 1626 : Pap « Urban VIII » konsakre nouvo Bazilik Sen Pyè

Nan dat 18 novanm 1626, Pap « Urban VIII » konsakre nouvo Bazilik Sen Pyè a nan Wòm, 1300 ane aprè Anperè Constantin te konsekre premye bazilik la.

Avèk yon sifas 22,000 mèt kare, 4 fwa pi gwo pase « Notre-Dame de Paris », Sen Pyè se pi gwo legliz ki egziste.
Li se tou petèt pi gwo « bilding » relijye nan mond lan. Pou sa ki gen pou wè ak volim, pi gwo moske nan mond mizilman an depase bazilik la an tèm de sifas planche.

Sous : www.herodote.net

Polòy

18 novanm 1738 : fen nan lagè siksesyon Polonè a

Nan dat 18 novanm 1738, Trete Vyèn nan te mete fen nan lagè siksesyon Polonè a. Li te dire 5 lane epi li te febli Eta Polonè a anpil.

Nan fen Renesans lan, Polòy te Eta ki pi enpòtan nan Ewòp Santral la. 2 syèk aprè, li te disparèt sou kat jeyografik la.

Istoryen yo dakò te gen yon dispozisyon konstitisyonèl inik, « liberum veto » a, ki te fè tout gwo desizyon yo pase ak yon vòt inanim avèk gwo chèf wayòm nan.

Sous : lemonde.fr

Lafrans

18 novanm 1990 : Florence Arthaud ranpòte 4e edisyon konkou « Route du Rhum »

18 novanm 1990, Florence Arthaud, yo te bay tinon ti « cheri Atlantik » la, te ranpòte katriyèm edisyon konkou « Route du Rhum ».

Nan tèt « trimaran », li te navige sòti « Saint-Malo » pou rive « Pointe-à-Pitre » nan 14 jou, 10 èdtan ak 10 minit. Li te vin premye fanm ki te genyen yon kous transatlantik solo.

Sous : Battuta / Domaine Public

Etazini

18 novanm 1928 : Mickey Mouse parèt sou ekran “Colony Theater”

18 novanm 1928, “La Souris Mickey Mouse”, “Walt Disney”, kreye parèt pou premyè fwa sou ekran “Colony Theater” nan vil Nouyòk, peyi Etazini.

« Steamboat Willie » se premye fim ki prezante pèsonaj la ak son senkronize.

Sous : cnews