Accueil yon dat,yon jou,yon evènman Yon jou, yon dat, yon evènman

Yon jou, yon dat, yon evènman

 

Ayiti

9 oktòb 1816 : Sena ayisyen an nonmen Alexandre Pétion Prezidan Ayiti pou lavi

Aprè pwoklamasyon Konstitisyon 1816 la, Sena a te nonmen Alexandre Pétion Prezidan pou lavi, nan yon seyans ki dewoule 9 oktòb nan menm ane a.

Dat sa a te make yon etap enpòtan nan karyè politik li kòm yon gwo pèsonaj nan Repiblik Ayiti. Nominasyon sa a te konsolide pouvwa ak wòl li kòm lidè pati sid Ayiti a, ki te an konfli ak rejim Wa Henri Christophe nan depatman Nò a. Li te rete chèf Repiblik Ayiti jiskaske li mouri an 1818.

https://fr.wikipedia.org/wiki/Florvil_Hyppolite

Ayiti

9 oktòb 1889 : Florvil Hyppolite Prezidan Ayiti pou lavi

Nan vil Gonayiv, depatman Latibonit, yon Asanble Konstitiyan ki te reyini epi pwoklame Florvil Hyppolite Prezidan Ayiti pou lavi, 9 oktòb 1889. N ap souliye lòske l te monte sou pouvwa a, li te deklare yon amnisti jeneral, pou chèche diminye tansyon politik yo epi inogire yon nouvo faz estabilite.

https://fr.wikipedia.org/wiki/Florvil_Hyppolite

9 oktòb : jounen mondyal lapòs

Jounen mondyal lapòs selebre, chak ane, 9 oktòb, pou make anivèsè fondasyon Inyon Postal Inivèsèl (UPU) an 1874. Objektif la se pou ogmante konsyantizasyon sou wòl esansyèl sèvis postal yo nan lavi chak jou ak nan ekonomi mondyal la, lè yo ankouraje inovasyon ak kontribisyon nan kwasans sosyo-ekonomik ak devlopman dirab.

Lide pou jounen sa a te soti nan Kongrè Postal Inivèsèl la nan Tokyo nan lane 1969,yon fason pou enfòme piblik la ak biznis yo sou enpòtans sèvis postal yo. Pou lane 2025 lan, jounen mondyal lapòs la ap dewoule anba tèm sa : » *Lapòs pou Moun, Sèvis Lokal » .* Tèm sa a mete aksan sou 4.6 milyon travayè lapòs ki konekte moun atravè mond lan epi sou wòl esansyèl yo ni nan kominote lokal yo ak entènasyonal la.

https://www.un.org/fr/observances/world-post-day#:~:text=Innovation%2C%20int%C3%A9gration%20et%20inclusion,dans%20la%20capitale%20suisse%2C%20Berne.

9 oktòb 2025 : jounen nasyonal kont kansè lakay granmoun yo

9 oktòb 2025 la ap make premye Jounen Nasyonal ki dedye ak Kansè lakay moun Aje yo nan peyi Lafrans. Edisyon sa a ap konsantre sou siy avètisman kansè kay granmoun ki gen plis pase 70 lane.

N ap souliye lakay granmoun yo gen plis pase mwatye nan kansè kolorektal yo,yon tyè nan kansè nan tete yo,plis pase 70% nan kansè nan pwostat yo.

https://www.chu-lyon.fr/journee-nationale-consacree-au-cancer-de-la-personne-agee