2 oktòb 1937 : masak sou Ayisyen nan Sen Domeng
Nan lane 1930, prezidan dominiken an Trujillo, ki te pran pouvwa aprè yon koudeta kont prezidan Horacio Vásquez, afiche konpòtman diktatè ki pa vle wè ayisyen.
Li te mete sou pye netwayaj etnik ak yon politik « xénophobie » ki ta vle fè kwè yo pè etranje. Netwayaj etnik la te rele masak pèsi, sa ki te pèmèt yo idantifye viktim yo. Sou pwen sa, sòlda dominiken yo te mande pwononse mo « persil » nan lang espayòl la k ap toujou difisil si w se ayisyen paske lang ou se kreyòl.
Yon lòtbò, yo te kalifye masak 2 oktòb 1937 la kòm yon masak ONU te dakò, paske Trujillo pa t janm arete aprè zak sila.
https://fr.wikipedia.org/wiki/Massacre_des_Ha%C3%AFtiens_de_1937
2 oktòb 1968 : masak Tlatelolco nan Meksik
Sou Plas 3 Kilti yo, nan dat 2 oktòb 1968, plizyè milye etidyan te rasanble pou yon manifestasyon pasifik kote yo t ap mande refòm demokratik ak sosyal fas ak gouvènman otoritè pati revolisyonè enstitisyonèl la.
10 jou apre, Mexico te pwograme pou òganize Je Olenpik yo. Gouvènman an te pè pou manifestasyon etidyan yo ta gate imaj peyi a,s e konsa lame Meksiken an te louvri kout ba l sou foul la, ki pa t menm gen zam nan men yo.
Daprè gouvènman an te gen kèk douzèn viktim, alòske gen plizyè rapò ki mete kantite a nan plis pase santèn.
Evènman an te yon egzanp vyolans gouvènman an te itilize pou siprime tout opozisyon politik ak sosyal pandan gè Sal Meksik la men malgre sa Je Olenpik yo te dewoule jan yo te prevwa, apre masak la, nan yon atmosfè tansyon.
https://journals.openedition.org/cher/16468
2 oktòb : jounen entènasyonal kont vyolans
Jounen entènasyonal pou Non-Vyolans lan se yon jounen Nasyonzini te adopte nan lane 2007, ki selebre chak ane 2 oktòb, ki make anivèsè nesans Endyen an, Mahatma Gandhi, yon figi anblèmatik rezistans pasifik ki gen prensip non-vyolans te enfliyanse anpil mouvman sosyal ak politik atravè mond lan.
Pou ane sa, Sekretè Jeneral Nasyonzini, António Guterres, mete aksan sou enpòtans eritaj Gandhi a fas ak tansyon k ap grandi yo, gwo divizyon yo, ewozyon limanite ak vyolans ki ranplase dyalòg la, li mande moun yo pou yo swiv egzanp li nan bati pou yon mond jis ak lapè.
https://journees.net/droits/journee-internationale-non-violence
2 octobre 1991 : masak nan Raboto, yon bidonvil nan Gonayiv
Touswit aprè koudeta ki te egzile Prezidan Jean-Bertrand Aristide la, lame Jeneral Raoul Cédras la te simen pwoblèm avèk yon premye masak nan dat 2 oktòb 1991 nan Raboto ki se yon bidonvil ki twouve li toupre lanmè a, nan limit vil Gonayiv, depatman Latibonit.
Atak la te fèt nan avantaj Aristide paske Pandan diktati a, moun kitap viv Raboto yo te òganize manifestasyon, kache moun ki te nan mawon, epi distribye pwopagann pou pwoteje Aristide.
Komisyon Jistis ak Lapè Gonayiv la estime « yon ventèn moun te mouri sou tè ak sou lanmè, plis pase 200 lòt te sibi tòti ak baton, tankou fanm ak timoun, anviwon 100 kay te sakaje ak piye, epi plis pase 5,000 moun te oblije kouri kite zòn nan apre masak la. »




























Merci de me mettre en contact avec un responsable
Merci de me mettre en contact with the Lord Jesus