Accueil yon dat,yon jou,yon evènman Ribrik : Yon jou , yon istwa, yon evènman

Ribrik : Yon jou , yon istwa, yon evènman

 

Ayiti

11 septanm 1988 : masak nan chapèl Sen Jan Bosko nan Pòtoprens

Jou sa a, pandan yon mès dimanch nan legliz Sen Jan Bosko nan Pòtoprens, kèk gason ak zam, sitou ansyen tonton makout ak « bra wouj » sou lòd Franck Romain, ki te majistra vil la lè sa epi sete ansyen kolonèl Fòs lame a (FAd’H), te atake kongregasyon an.

Milisyen sa yo te planifye atak sa a pou yo te vize Jean-Bertrand Aristide, yon prèt karismatik epi defansè teyoloji liberasyon an, ki te kritike rejim nan ouvètman e ki te plede pou jistis sosyal an Ayiti.

Asayan yo te tire sou legliz la an premye, sa ki te kreye yon panik jeneral. Moun ki t ap sèvi Bondye yo, pandan yo t ap eseye sove oswa pwoteje tèt yo, te jwenn yon vyolans menm pi gwo. Kriminèl yo te monte sou mi tanp lan, yo te tire sou foul la a, yo te bay plizyè lòt moun kout kouto epi yo te met dife nan legliz la.

Bilan ofisyèl la te fè konnen te gen 13 moun ki mouri ak 80 blese, men Aristide te afime plizyè dizèn kadav te jete nan kamyon pou yo te evakye, sa ki te kache vre grandè trajedi a. Masak sa a, ki te fèt sou rejim Konsèy Nasyonal Gouvènman (CNG) Jeneral Henry Namphy ta p dirije, te montre enstabilite politik la an Ayiti nan fen ane 1980 yo.

11 septembre : une date maudite dans l’histoire du Chili, d’Haïti et des États-Unis…

Ayiti

11 septanm 1791 : Konkòda ant blan gad nasyonal Pòtoprens ak milat lib yo

Nan dokiman sa a reprezantan 2 pati yo te siyen nan Kwadèboukè aprè atak repete milat yo te fè kont enterè kolon fransè yo, blan yo te pwomèt yo rekonèt ak respekte dwa sitwayen koulè yo lè yo te pwomèt yo yap sispann opoze yo ak ekzekisyon dekrè nasyonal ki te an favè yo a.

Moun koulè yo nan plizyè pawas nan Sen Domeng, enspire pa konkòda sa a, te fòse kolon nan zòn yo swiv egzanp kòlèg yo nan Lwès la.

6320.009.- Dates Historiques: Mois de Septembre

Etazini

11 septanm 1992

Siklon Iniki, youn nan siklon ki pi devastatè nan listwa Etazini, te ravaje zile Kauai ak Oahu nan Awayi.

Siklon Iniki se te siklòn ki pi fò ki te janm frape Eta Awayi nan listwa. Li te fòme 5 septanm 1992, pandan gwo fenomèn El Niño 1990-1995 la. Iniki te youn nan onz siklon twopikal nan Pasifik Santral la pandan sezon sa a. Li te vin yon tanpèt twopikal 8 septanm epi li te vin yon siklon jou apre a.

Aprè li te vire nò, Iniki te frape zile Kauaʻi 11 septanm ak gwo fòs; li te gen van ki te rive 145 mil kilomètrè. Se te premye siklòn ki te frape eta a depi siklòn Iwa an 1982, epi premye gwo siklòn depi siklòn Dot an 1959.

Iniki te disparèt 13 septanm ant Awayi ak Alaska. Li te lakòz anviwon 3.1 milya dola ameriken (nan valè 1992) dega epibli te touye 6 moun, sa ki fè l tounen katastwòf natirèl ki te koute pi chè nan istwa eta a.

https://www.calendarz.com/fr/on-this-day/september/11/hurricane-iniki

Etazini

Atak 11 Sèptanm yo

Atak 11 septanm 2001 yo se 4 atak kamikaz gwoup jiyadis Al-Qaïda te fè Ozetazini. Atak sa yo te fèt nan menm jou a, yo te touye 2 mil 977 moun. Yo te vize kèk bilding senbolik ki te nan Manhattan (Nouyòk), Arlington (Vijini) ak Shanksville (Pennsilvani).

Nan maten 11 septanm lan, 19 teworis te detounen 4 avyon pasaje.
-2 avyon te frape de gwo bilding jimo yo nan World Trade Center (WTC) nan Nouyòk;

– Yon twazyèm avyon te frape Pentagòn nan, ki se katye jeneral Depatman Defans nan Washington;

– Yon katriyèm avyon ki t ap dirije sou kapital federal la te fè aksidan nan Pennsilvani aprè pasaje yo ak manm ekipaj yo te eseye reprann kontwòl li lè yo te aprann sa k ap pase a nan telefòn.

Atak sa yo se atak ki te touye plis moun nan listwa. Bilan ofisyèl la te bay 2 mil 977 moun ki mouri ak 6 mil 291 lòt blese. Atak sou WTC a pou kont li te fè 2 mil 753 viktim, pami yo 343 ponpye ak 60 polisye. Ant 2001 ak 2021, sèlman 1 mil 647 nan viktim sa yo te idantifye ofisyèlman.

https://fr.m.wikipedia.org/wiki/Attentats_du_11_septembre_2001

Etazini

11 septanm 2001 : Adopsyon Lwa Demokratik Entè-Ameriken an

Lwa Demokratik Entè-Ameriken an te adopte nan dat 11 septanm 2001 pandan yon sesyon ekstraòdinè Asanble Jeneral Òganizasyon Eta Ameriken (OEA) nan Lima, Pewou.

Se yon enstriman entè-ameriken ki gen kòm objektif prensipal pou ranfòse ak kenbe enstitisyon demokratik yo nan nasyon kontinan ameriken an. Lwa sa a, ki gen fòs lwa pou 34 eta manm OEA yo, di sa ki nesesè pou gen demokrasi e li presize kijan pou yo defann li lè li menase.

https://fr.m.wikipedia.org/wiki/Charte_d%C3%A9mocratique_interam%C3%A9ricaine