Accueil yon dat,yon jou,yon evènman Yon jou, yon dat, yon evènman

Yon jou, yon dat, yon evènman

 

Ayiti

27 oktòb 1864 : piblikasyon Kòd Riral sou administrasyon Fabre Geffrard

27 oktòb 1864, Fabre Geffrard pibliye kòd Riral ki te genyen 132 atik epi divize an 9 chapit, ki enstore « La Corvée ».

Se te dezyèm kòd Riral ki pibliye an Ayiti. Se Jean Pierre Boyer ki te pibliye Premye a nan dat 4 me 1826, ki ta pral abwoje li nan lane 1843.

Kòd Geffrard la te dwe kòmanse aplike 1e janvye 1865, men li te pran reta akòz difikilte pou òganize pèsonèl la.

Kòd Riral sa te rete an fòs jiska 16 me 1962, avèk piblikasyon Kòd Riral François Duvalier.

Source : haiti-reference

Lafrans

27 oktòb 1806 : Napoléon Bonaparte siyen nan vil Berlin dekrè ki enstore « Blocus Continetal »

Yon 27 oktòb 1806, Anperè Napoléon 1er rantre nan vil Berlin, kapital Almay, pou siyen dekrè ki enstore « Blocus Continetal », aprè viktwa li te ranpòte nan « Iena » ak « Auerstraedt ».

Katriyèm kowalisyon an ki te reyini nan peyi Angletè, ta pral efwondre yon lane aprè ane defèt, « Tsar » ak konklizyon Trete « Tilsit » la.

Sous : www.herodote.net

Lafrans

27 oktòb 1870 : Marechal François Achille Bazine rekonèt defèt li nan Metz

27 oktòb 1870, marechal François Achille Bazine rekonèt defèt li, nan Metz avèk Lame li ki te genyen plis pase 180 mil gason.

Kapitasyon sa a, ki te sanble ak trayizon, te sonnen klòch lanmò pou rezistans fransè kont envazyon « Prussienne » apre lagè Napoleon III te lanse san reflechi twa mwa anvan an.

Lagè ant Lafrans ak « Prusse » te mennen nan kaptire Anperè a nan Sedan de mwa anvan.

Sous : www.herodote.net

Etazini

27 oktòb 1904 : ouvèti premye liy metwo rejyonal nan vil “New York”

27 Oktòb 1904, premye liy metwo rejyonal ouvè nan vil “New York”, Ozetazini. Se otorite yo nan vil la ki te dirije operasyon sistèm lan.

Se te youn nan pi gwo rezo transpò piblik nan mond la. li te genyen 424 estasyon ak 472 arè ki gaye sou 24 liy.

Rezo a te genyen 399 kilomèt liy, pifò ladan yo te genyen 4 ray. Liy metwo New York la te youn nan 5 sistèm transpò piblik ki fonksyone 24 sou 24, 7 jou sou 7 Ozetazini, ansanm ak Staten Island Railway ak PATH, ki sitiye tou nan New York, tren PATCO yo ak métro Chicago a.

Sous: Wikipedia