Ayiti
Konvansyon Ayisyen-Ameriken
Konvansyon Ayisyen-Ameriken se yon trete kite siyen ant 2 nasyon sa yo. Sena Etazini te ratifye nan dat 16 septanm 1915, aprè blan meriken te tanmen okipasyon an. Trete sa a te bay Etazini dwa pou asire sekirite ak jere finans Ayiti pou yon peryòd 10 lane.
Trete 16 septanm 1915 la se enstriman legal Okipasyon an. Li te mete finans ayisyen yo anba kontwòl yon konseye finansye prezidan Etazini an te pwopoze epi voye tou yon lòt moun pou ranmase lajan ladwàn yo dirèkteman.
Lajan sa a ta pral sèvi pou ranbouse dèt Ayiti genyen nan bank ameriken yo, epi tou pou finanse kreyasyon yon jandamri ayisyen ki te jwenn ankadreman ofisye ameriken, pou kenbe lòd ak sitou pou kraze revòlt ki te leve akoz yo te enpoze sistèm kòve a.
https://mjp.univ-perp.fr/constit/ht1915.htm
https://fr.m.wikipedia.org/wiki/Convention_ha%C3%AFtiano-am%C3%A9ricaine
16 septanm: Jounen entènasyonal pou Pwoteksyon Kouch dozòn
Kouch dozòn nan, oubyen ozonosfè a, se yon kouch pwoteksyon ki sitiye nan atmosfè Latè. Nan gwo altitid, kouch dozòn nan itil: li absòbe pifò radyasyon iltravyolèt solèy la, ki danjere pou òganis yo.
Nan dat 16 septanm lan, Asanble Jeneral Nasyonzini deziyen li kòm Jounen Entènasyonal pou Pwoteksyon Kouch Ozon lan. Deziyasyon sa a te fèt 19 desanm 1994, pou komemore dat ki te 16 septanm 1987 la, lè nasyon yo te siyen Pwotokòl Monreyal la konsènan sibstans ki diminye kouch ozòn nan.
https://fr.m.wikipedia.org/wiki/Journ%C3%A9e_internationale_pour_la_pr%C3%A9servation_de_la_couche_d%27ozone
Meksik
16 septanm 1810 : fèt endepandans Meksik
Istwa a kòmanse nan dat 16 septanm 1810, nan maten, lè prèt Miguel Hidalgo y Costilla te lanse kri popilè pou apèl endepandans lan nan vil Dolores.
Li te rele pèp Meksiken an pou l leve kanpe kont dominasyon kolon Panyòl yo. Aksyon ewoyik sa a te make kòmansman yon batay long ki te abouti ak endepandans Meksik nan ane 1821.
Selebrasyon sa nan peyi meksik kòmanse chak ane ak tradisyon ki pi enpòtan nan fèt endepandans lan, « El Grito » ki fèt a 11 è nan aswè jou 15 septanm lan nan tout peyi a. Prezidan Meksik la oswa gouvènè chak eta kanpe sou yon balkon nan yon bilding istorik epi li pwononse pawòl Grito de Dolores la. Aprè pawòl sa yo, yo lanse yon kri « Viva Mexico! » (Viv Meksik!) foul la reponn ak anpil lakontantman.
Jour de l’indépendance du Mexique : une célébration de la liberté et de la culture
Etazini
16 septanm 1779 : syèj Savannah
Syèj Savannah a se yon batay ki te fèt pandan Gè Endepandans Ameriken an, nan lane 1779. Batay sa a te opoze anviwon 2 000 Britanik ak 3 500 Fransè, pami yo twa ka te soti nan Zantiy, ak 1 500 alye Ameriken yo.
Istwa rapòte yon gwoup anviwon 800 Ayisyen lib, « moun lib po klè yo, » yo te konnen kòm « chasè volontè » nan Sendomeng, te goumen nan batay Savannah nan lane 1779. Pami chasè volontè sa yo te gen: Henry Christophe (ki te gen sèlman 16 lane), Jean-Baptiste Chavannes, André Rigaud, Jean-Louis Villate, pou n site sa yo sèlman.
https://fr.m.wikipedia.org/wiki/Si%C3%A8ge_de_Savannah





























