Accueil yon dat,yon jou,yon evènman Yon jou, yon istwa, yon evènman

Yon jou, yon istwa, yon evènman

 

Ayiti

_29 out 1793 : Proklamasyon Sonthonax sou abolisyon esklavaj nan Nò Sen Domeng_

Pwoklamasyon an, yo te li solanèlman sou Plas Chanm Mas lan, te dekrete « Tout Nèg, milat ki aktyèlman nan esklavaj yo deklare lib pou yo jwi tout dwa ki marye ak kalite sitwayen franse ». Men se pat janm vre, paske aprè pwoklamasyon sa a, Sonthonax te mete yon rejim libète kondisyonèl, libète siveye, ak travay fòse.

Konvansyon an te aboli esklavaj la sèlman 5 mwa apre, 4 fevriye 1794.

6320.008.- Dates Historiques: Mois d’Août

Ayiti

_29 out 1840 : Adisyon Ayiti nan trete sou represyon komès moun nwa yo_

Sou demann gouvènman Britanik ak Franse, Ayiti te rantre nan trete sa yo ki te siyen, pami lòt bagay, 31 novanm 1831 ak 22 mas 1833 pa gouvènman sa yo. Sa te montre Ayiti te trè enterese nan kesyon anti esklavaj la.

Kèk ane apre, sou gouvènman Fabre Geffrard, Ayiti te menm ale pi lwen toujou lè l te ankouraje imigrasyon moun nwa ki soti Etazini vin Ayiti.

6320.008.- Dates Historiques: Mois d’Août

Kanada

29 out 1907, pon Kebèk la, ki te an konstriksyon, te tonbe, sa ki te touye 76 ouvriye ki t ap mete estrikti an asye a

An 1916, malè te frape ankò lè travè santral la te tonbe nan dlo, sa ki te lakòz 13 moun mouri. Finalman, yo te fin konstwi estrikti a nan lane aprè a.

https://ici.radio-canada.ca/ohdio/premiere/emissions/aujourd-hui-l-histoire/segments/entrevue/405181/pont-de-quebec-effondrement