Ayiti
3 novanm 1810 : André Rigaud nonmen tèt li Prezidan Sid Ayiti
3 novanm 1810, « André Rigaud » kreye Eta « du Sud » epi nonmen tèt li prezidan nan eta sa.
« André Rigaud » fèt nan vil okay, depatman sid nan lane 1761 nan tan lakoloni fransèz. Papa li te yon « européen » fransè, wisye jistis, manm li te yon esklav afranchi. Nan lane 1779, « André Rigaud » te pote tèt li volontè pou ede kolon ameriken yo goumen nan « Savannah » kont anglè yo.
Sous : Une-autre-histoire
Ayiti
3 novanm 1806 : sikilè sou fòmasyon kolèj elektoral
Nan dat 3 novanm 1806, Henri Christophe pran sikilè pou mande pawas yo fòme kolèj elektoral.
Sikilè sa te adrese avèk kòmandan divizyon militè yo tankou : Romain, Toussaint-Brave, Vernet, Pétion, Guérin, Férou.
Henri Christophe, ki te pwoklame chèf gouvènman pwovizwa a nan dat 21 oktòb, kèk jou sèlman apre asasina Dessalines, te envite chèf militè yo pou mande pawas yo fòme kolèj elektoral la pou kontinye ak nominasyon manm Asanble Nasyonal la ki te responsab nan epòk sa pou ekri yon nouvo konstitisyon.
Sous : Une-autre-histoire
Etazini
3 novanm 2020 : Joseph Roninette Biden Junior eli 46e prezidan Etazini
Nan eleksyon 3 novanm 2020, Joseph Roninette Biden Junior, eli 46e prezidan Etazini fas ak rival li, Donald Trump ki pat asekpte defèt la.
Se te aprè plizyè jou kontaj san twòp sispens, youn nan manda ki pi boulvèse nan listwa Amerik la te fini ak viktwa kandida Demokrat la Joe Biden ki te gen laj 78 lane nan epòk la. N ap souliye, li
te prete seman epi ofisyèlman enstale kòm 46ème prezidan etazini damerik.
Sous : www.herodote.net
Gwadloup
3 novanm 1493 : Christophe Colomb debake sou zile « Caloucaera »
Pandan dezyèm vwayaj li nan Nouvo Monn lan, 3 novanm 1493, Christophe Colomb te debake sou yon zile ke moun ki te rete ladan l yo, te pote non Endyen Karayib fewòs, ki te gen yon gwo repitasyon, yo te rele « Caloucaera ».
Eksploratè Ewopeyen yo te chanje non an an “Gwadloup”. Fransè yo te kolonize zile a nan lane 1635, menm jan ak Matinik, peyi vwazen li.
Sous : www.herodote.net
Almay
3 novanm 1918 : eklatman yon revòlt nan vil « Kiel »
Nan dat 3 novanm 1918, yon revòlt te eklate nan Kiel, yon gwo pò naval Alman sou Lanmè Baltik la. Etensèl ki te deklanche revòlt la, se te lòd « Amiral Reinhard Scheer » te bay nan dat 28 oktòb 1918 pou konfwonte Marin Wayal la nan yon dènye batay « pou retabli onè ».
Revòlt la te kòmanse nan pò « Wilhelmshaven » anvan li te gaye nan baz naval la ak nan chantye naval « Kiel » la. Li te gaye tankou dife nan savann, lidè yo te pè yon kontajyon revolisyonè. Se nan sans sa, Wa « Saxon » ak wa « Bavaria » te renonse paske yo te fatige, epi tout lòt kay wayal Anpi Alman an te swiv pa yo.
Sous : cnews.fr/diaporamas



























