Accueil yon dat,yon jou,yon evènman Yon jou, yon dat, yon evènman

Yon jou, yon dat, yon evènman

 

Ayiti

29 desanm 1944 : akò sou rechèch kawoutchou plantasyon ant Ayiti ak Etazini
 
29 desanm 1944, Echanj nòt ki konstitye yon akò koperasyon ant Ayiti ak Etazini konsènan rechèch sou kawoutchou plantasyon an Ayiti.
 
Se Chaje Dafè ad entèrim Ameriken epòk la kit e pibliye nòt sa epi li te adrese bay Sekretè Agrikilti nan gouvènman Élie Lescot a, Édouard Volel.
 
Gérard Lescot, pitit gason prezidan an ak Sekretè Deta pou Afè Etranjè, te resevwa nòt sa a nan dat 8 janvye 1945.
 
Sous : Haiti Reference
 
Angletè

29 desanm 1170 : asasina Achèvèk « Thomas Becket »
 
29 desanm 1170, Achèvèk « Thomas Becket » ki te gen laj 52 lane te asasinen pandan l t ap selebre Lamès nan katedral Canterbury a.
 
Li te fè wa « Henry II Plantagenet » fache anpil lè li te refize aksepte Konstitisyon « Clarendon » yo, ki te mete Legliz Angletè a anba otorite twòn nan.
 
Sous : Retro News
 
Etazini

29 desanm 1835 : siyati trete « New Echota »

29 desanm 1835, yon ti ponyen chèf Nasyon « Cherokee », tankou Majò « Ridge » ak neve li « Stand Watie », te siyen trete « New Echota » avèk gouvènman Etazini.
 
Avèk trete sa a, Endyen natif natal yo te abandone tè zansèt yo nan « Georgia » ak Karolin di Nò an echanj pou lajan ak nouvo tè nan lwès Rivyè « Mississippi » a, nan Oklahoma.
 
Sous : Le figaro
 
Etazini

29 desanm 1845 : Etazini ak « Texas » ofisyèlman anekse

29 desanm 1845, Etazini te anekse ofisyèlman « Texas ». Apre yon lagè kout ki te make pa syèj Alamo a, “Texas” te kapab separe ak Meksik epi pran endepandans li dis ane anvan. Apre sa, li te aplike pou admisyon nan Federasyon Amerikèn nan epi yo te aksepte l.
 
Sous : www.herodote.net
 
Risi

29 desanm 1987 : Kosmonòt sovyetik « Yuri Romanenko » retounen sou latè
 
29 desanm 1987, Kosmonòt sovyetik « Yuri Romanenko » te retounen sou Latè apre 326 jou, 11 èdtan ak 8 minit nan espas, li te tabli yon nouvo rekò pou dire vòl espasyal.
 
Lafrans

29 desanm 2009 : Jounalis fransè, “Hervé Ghesquière” ak “Stéphane Taponier kidnape nan peyi Afganistan
 
29 desanm 2009, Taliban yo nan Afganista kidnape Jounalis fransè, “Hervé Ghesquière” ak “Stéphane Taponier”. Yo te libere 2 otaj yo nan dat 29 jen 2011, apre 18 mwa kaptivite.
 
Sous : AFP/Archives