Ayiti
18 desanm 1757 : nesans Philippe Guerrier
18 desanm 1757, Philippe Guerrier pran nesans nan « Petite Rivière » depatman Nò, peyi Dayiti.
Philippe Guerrier te vini sizyèm chèf deta Ayiti sòti 8 Me 1844 pou rive 15 Avril 1945. Li te sanble satisfè kritè seleksyon klas dominan an te etabli yo: Granmoun oubyen malad, san edikasyon.
Sous : Haiti Reference
Ayiti
18 desanm 1806 : premye Asanble Konstitiyant nan katedral Pòtoprens
18 desanm 1806, Asanble Konstitiyant lan te kòmanse travay li nan katedral Pòtoprens lan, ki ta pral akouche premye konstitisyon repibliken Ayiti a nan dat 27 desanm menm ane a.
Se jeneral Christophe ki te pwoklame chèf gouvènman pwovizwa epòk la, ki te konvoke asanble konstitiyant la ki te genyen 59 manm.
Sous : Haiti Reference
Ayiti
18 desanm 1869 : yon gwoup rebèl atake vil Pòtoprens
Nan dat 18 desanm 1869, yon gwoup rebèl atake vil Pòtoprens sou gouvènans Sylvain Salnave.
Rebèl yo te sòti nan depatman nò ak Sid peyi dAyiti, te fè Atak sa sòti 3 zè nan maten rive midi sou kòmandman Jeneral Brismard Brice, Kanal Boisrond, ak Saint-Elia-Cauvin.
Bandi yo te pran bato « La Terreur » nan pò a. » Vil la te anvayi. Salnave te eseye defann vil la men li te oblije sove al nan Repiblik Dominikèn.
Sous : Haiti Reference
Etazini
18 desanm 1865 : abolisyon esklavaj nan Etazini
18 desanm 1865, 13e Amannman Konstitisyon Etaziniki aboli esklavaj nan tout Etazini te rantre an vigè. Lagè Sivil la te apèn fini lè Kongrè a te adrese kòz dirèk li a.
Esklavaj sou plantasyon koton nan Sid la. Li te ratifye yon amannman konstitisyonèl ki te aboli esklavaj fòmèlman.
13e amandman te genyen 2 seksyon : Seksyon 1 an di : « Ni esklavaj ni sèvitid envolontè, pa dwe egziste Ozetazini, oswa nan okenn kote ki anba jiridiksyon yo. »
Seksyon 2 a li menm di « Kongrè a gen pouvwa pou aplike Atik sa a nan lejislasyon apwopriye. »
Sous : www.herodote.net
Lafrans
18 desanm 2013 : premyè enplantansyon kè atifisyèl
18 desanm 2013, premyè enplantasyon yon kè atifisyèl « total » nan Lopital Ewopeyen Georges Pompidou nan nan vil Pari, peyi Lafrans.
Se aprè otorizasyon « ANSM » te bay nan mwa Septanm 2013 pou kontinye ak etid fezabilite klinik sou itilizasyon kè atifisyèl « Carmat » la, enplantasyon yon kè atifisyèl byopwostetik te fèt avèk siksè pou premye fwa nan mond.
Sous: espace-medias




























