Ayiti
3 desanm 2006 : eleksyon 1420 kandida pou Konsèy Administrasyon Seksyon Kominal yo
3 desanm 2006 ayisyen ki te gen dwa vote eli yon 1 420 kandida pou Konsèy Administrasyon Seksyon Kominal yo (CASEC), Asanble Seksyon Kominal yo (ASEC), Meri yo ak Delegasyon Vil yo.
Sous : Haiti Reference
Etazini
3 desanm 1818 : admisyon « Illinois » kòm 21e Eta Etazini
3 desanm 1818, « Illinois » vini 21e Eta ki admèt nan Inyon, Etazini. Anvan sa, li te fè pati rès teritwa ki te kouvri Wisconsin aktyèl la, yon pati nan Minnesota ak Michigan.
Se 6e pi gwo Eta ameriken pa rapò ak kantite popilasyon li, ki evalye ak apeprè 13 milyon abitan sou 150,000 kilomèt kare.
Eta ameriken sa sèlman yon ti kras pi gwo pase Benen epi li se 25e pi gwo Eta Ozetazini. Eksploratè fransè yo te bay li non sa a nan onè pèp endijèn Iliniwok ki te viv nan rejyon an.
Sous : Wikipedia
Etazini
3 desanm 1992 : reyisit premye « Short Message Services, SMS » nan mond lan
3 desanm 1992, enfòmatisyen britanik « Neil Papworth », voye premye « Short Message Services, SMS » apati yon pager Motorola. Yo te voye l soti Nouyòk pou rive Melbourne.
« Neil Papworth », yon achitèk lojisyèl, te voye premye SMS komèsyal la sou rezo « GSM Vodafone » nan Wayòm Ini a.
Nan dezyèm mwatye 20e syèk la, plizyè inovasyon tankou ARPANET devlopman te akonpaye telekominikasyon yo.
Sous : Histoire d’Apprendre
Etazini
3 desanm 1815 : lanmò John Carroll, evèk Jezuit ameriken
John Carroll, ki te fèt 8 janvye 1735 nan vil « Upper Marlboro », Maryland, Etazini Damerik, mouri 3 desanm 1815 nan « Baltimore », yon lòt vil nan Maryland.
Se te yon evèk Jezuit ameriken. Li te premye evèk katolik Ozetazini, se klèje lokal la ki te eli l nan lane 1789 epi Pap Pie VI te konfime li nan yon ti tan aprè.
Sous : Retro News
Etazini
3 desanm 1829 : eleksyon “Andrew Jackson”, kòm fondatè pati Demokrat
3 desanm 1829, Kongrè ameriken an eli “Andrew Jackson”, fondatè pati Demokrat la, kòm prezidan Etazini.
« Andrew Jackson » ki te fèt nan yon fanmi Ilandè-Ekosè, te gen yon jenès make avèk povrete.
Li te fèt sou fwontyè Karolin “du Nord” ak Karolin “du Sud” twa semèn aprè lanmò papa l, li te gen malè pou l pèdi manman l ak tout frè ak sè l yo tou nan yon laj byen jèn.
Kèk tan aprè, lè li vini gran, li blame okipan anglè yo pou trajedi familyal sa a.
Sous : Cairm.info
Kanada
3 desanm 1997 : siyati konvansyon sou Min Antipèsonèl ak sou Destriksyon yo
3 desanm 1997, nan vil Ottawa peyi Kanada, reprezantan plis pase 100 peyi siyen Konvansyon sou Entèdiksyon Itilizasyon, Stokaj, Pwodiksyon ak Transfè Min Antipèsonèl ak sou Destriksyon yo.
Konvansyon Ottawa a se rezilta yon Kanpay Entènasyonal pou Entèdi Min Antipèsonèl (ICBL) Jody Williams, loreya Pri Nobèl Lapè an 1997 te dirije sou non plizyè Oganizasyon Non-Gouvènmantal avèk sipò Premye Minis Kanadyen nan epòk la, Lloyd Axworthy.
Sous : www.herodote.net
Afrik
3 desanm 1997 : premyè transplantasyon nan mond la
Premyè transplantasyon kè te fèt nan mond la yon 3 desanm 1967. Evènman sa te dewoule nan yon lopital nan Kap, Afrik di Sid.
Evenman sa ki te rive pandan yon nwit, te rann pwofesè Chris Barnard ki te laj 45 lane nan epòk la avèk pasyan li, Louis Washkansky, popilè atravè lemond.
Sous : www.herodote.net
Grès
3 desanm 1944 : atak pati Elas sou vil Atèn
3 desanm 1944, Pati Kominis Grèk la (ELAS) te eseye pran Atèn. Yon fòs ekspedisyonè britanik te entèvni.
Sa te make kòmansman yon lagè sivil brital avèk tòti epi asasina sivil toupatou, tankou fanm ak timoun.
Yo te deklare yon sispann goumen nan dat 14 janvye 1945. Finalman, viktwa a te ale nan men pati palmantè pro-oksidantal yo.
Sous : www.herodote.net


























