Ayiti
19 novanm 1803 : Jeneral Rochambeau rann tèt li nan vil Okap
19 novanm 1803, Jean-Jacques Dessalines ak Henri Christophe fòse Jeneral Rochambeau rann tèt li nan vil Okap, depatman nò, aprè memorab batay Vètyè a, dènye konfwontasyon ki te sele defèt twoup fransèz yo an Ayiti.
Viktwa sa a te make fen dominasyon kolonyal fransèz la epi louvri chemen pou endepandans Ayiti, ki te pwoklame nan dat 1ye janvye 1804, nan vil Gonayiv, depatman Latibonit.
Li te etabli tou Ayiti kòm premye eta endepandan yon ansyen Afriken esklav tap dirije nan epòk sa, epi yon senbòl mondyal lit pou libète. Vètyè rete yon leson ewoyis ak rezistans fas ak opresyon.
Sous : Haiti Reference
Ayiti
19 novanm 1883 : vil Jeremi bonbade
19 novanm 1883 Prezidan « Lysius Félicité Salomon » bay lòd bonbade vil jeremi, depatman grandans peyi Dayiti avèk bato « Dessalines ».
« Louis Étienne Félicité Lysius Salomon », yo te konnen sou non « Lysius Salomon Jeune », te prezidan Repiblik la epi prezidan a vi Ayiti sòti 26 oktòb 1879 rive 10 dawout 1888.
Minis finans sou rèy Anperè Faustin, Salomon te wete kòl nan zafè politik aprè « Chute » anpi a nan lane 1859.
Sous : Haiti Reference
Ayiti
19 novanm 1908 : Jeneral Antoine Simon mache sou Pòtoprens kapital Ayiti
19 novanm 1908, Jeneral Antoine Simon mache sou Pòtoprens kapital Ayiti, sòti nan vil Okay ansanm avèk twoup li, aprè Nord Alexis te fin revoke li.
Li te pran desizyon sa pou pwoteste kont desizyon Nord Alexis ki te aplike yon politik bon di nan epòk sa.
François-Antoine Simon, ki fèt 10 oktòb 1843 nan vil okay, depatman Sid, mouri nan menm vil la 10 mas 1923.
Se te yon ofisye militè ak politisyen Ayisyen ki te patisipe nan plizyè evènman politik nan fen 19ème syèk, nan fen karyè li te lidè ensireksyonè revolisyon 1908 la, answit prezidan avi sòti 17 desanm 1908 rive 2 out 1911, apre koudeta li kont Pierre Nord Alexis.
Sous : Wikipedia
Ayiti
19 novanm 1936 : fòmalizasyon demakasyon fwontyè Ayiti-Dominiken
19 novanm 1936, “Horacio Vasquez”, prezidan dominiken an, siyen yon trete avèk Louis Borno, ki fòmalize demakasyon fwontyè Ayiti-Dominiken an.
Nan 19e syèk la, liy fwontyè a te disparèt plis pase yon fwa pandan envazyon oswa tantativ pou okipe teritwa dominiken an.
Apre plizyè akò abitraj ki pa t reyisi ant 2 peyi yo ak yon tantativ rekonsilyasyon avèk Pap Leyon XIII an 1901, li te defini fòmèlman avèk Trete 21 janvye 1929 la.
Sous: Haiti Reference/Wikipedia
Etazini
19 novanm 1863 : diskou pwisan Prezidan ameriken Abraham Lincoln
19 novanm 1863, nan mitan Gè Sivil la, Prezidan ameriken Abraham Lincoln, nan epòk la te fè yon diskou puisan epi touchant nan Simityè « Gettysburg » la.
Diskou “Gettysburg” la klase pami tèks timoun lekòl ameriken aprann pa kè.
Sous : www.herodote.net
Lafrans
19 novanm 2023 : deblozay nan « Crépol «
Nan aswè 19 novanm 2023 a, apre yon bal piblik nan Crépol, toupre Romans-sur-Isère, yon konfwontasyon te eklate ant de gwoup jèn, epi youn ladan yo, Thomas, 16 lane, te mouri apre li te fin pran kouto.
Asayan yo, ki te soti nan yon « katye sansib », te majorite desandan nò-afriken, epi kèk ladan yo, tankou asasen an, te kache kouto 25 santimèt anba rad yo.
Plizyè temwen te rapòte yo te tande yo di yo te vin « pike kèk moun blan ». Opinyon piblik la te eklate, epi majistra Romans lan, Marie-Laure Thoraval, pa t ezite denonse yon divizyon etnik ak edikasyonèl ki t ap febli koyezyon vil la.
Sous : www.herodote.net
Ajantin
19 novanm 2023 : Javier Milei eli Prezidan
19 novanm 2023, Javier Milei eli prezidan peyi Ajantin. 40 lane aprè fen youn nan diktati ki pi fewòs nan listwa yo, Ajanten yo eli Javier Milei, yon ekonomis iltraliberal ki genyen 53 lane ki dekri tèt li kòm yon moun ki septik sou chanjman klimatik ak yon katolik devwe, nan prezidans.
Eleksyon li ak 56% vòt yo mete fen nan ventan « Kirchnerism, » anba lidèchip Néstor Kirchner, yon Peronis gochis, ak vèv li, Cristina Fernández de Kirchner.
Grandè viktwa li nan dezyèm tou an sòti nan sipò ansyen Pati Radikal la, sant-dwat, ki te apiye l kont kandida Peronis la, Minis Ekonomi Sergio Massa.
Sous : www.herodote.net





























