Accueil yon dat,yon jou,yon evènman Yon jou, yon dat, yon evènman

Yon jou, yon dat, yon evènman

 

Ayiti

17 novanm 1803 : Dessalines atake vil Okap

17 novanm 1803, Dessalines atake vil Okap, pandan l te kòmanse bonbade Fò Bréda. Se te nan kontèks lagè endepandans la ki fèt kont ekspedisyon « Napoléonnienne » nan.

Sous : Referance Haiti

Ayiti

17 novanm 1961 : Ekspilsyon Evèk Paul Marie Robert

17 novanm 1961, Prezidan François Duvalier bay lòd pou yo ekspilse Evèk Gonayiv la, Evèk Paul Marie Robert, ann Ayiti.

Se te premye nan yon chèn ekspilsyon prela yo tankou : Evèk Rémy Augustin, Evèk oksilyè Pòtoprens nan dat 10 janvye 1961; Evèk Paul Marie Robert, Evèk Gonayiv, nan dat 17 novanm 1961; Jezuit yo nan dat 12 fevriye 1964; Pè Sentespri yo nan dat 15, 16 ak 17 out 1969.

Sous : Lemonde.fr

Ayiti

17 novanm 1915 : Marin yo atake Fò Rivyè

17 novanm 1915, Marin yo atake Fò Rivyè, dènye fò Kako nan Nò a, ki te twouve li anlè Mòn Nwa, ant Grande Rivière, Dondon, ak Saint Raphaël.

Jeneral Josephete, lidè Kako yo , te mouri ansanm ak 50 nan sòlda li yo.

Sous : Haiti Reference

Ayiti

17 novanm 2008 : crash yon elikoptè nan komin Senmak

17 novanm 2008, yon elikoptè tonbe epi kraze nan lokalite Bocozel, komin Sen Mak, depatman Latibonit, peyi Dayiti.

Premye rapò yo sou aksidan sa pat detèmine kantite ak idantite moun ki te abò yo. Yo te jwenn kadav demonte ak ògàn moun sou plas la.

Sous : Haiti 24

Angletè

17 novanm 1558 : Rèn Elizabeth 1ère monte sou twòn Angletè

17 novanm 1558, Elizabèt Ière monte sou twòn Angletè a. Nouvo rèn nan, ki te gen laj 25 lane nan epòk sa, sete pitit fi Wa « Henri VIII Tudor » ak jèn metrès li, « Anne Boleyn ».

Elizabèt te pran plas demi-frè li « Edward VI » ak demi-sè li ki te trè katolik, « Mary Tudor » pwotestan yo te bay tinon « Bloody Mary » poutèt pèsekisyon li te enflije yo.

Malgre presedan terib sa yo, nouvo rèn nan te pwouve li se pi gwo souverèn Angletè te janm konnen depi William Konkeran an.

Sous : www.herodote.net