Ayiti
10 Novanm 1908, delege militè gouvènman nan depatman Sid, Antoine Simon pran zam kont prezidan-jeneral Nord Alexis.
Nan objektif pou pwoteste kont revokasyon patizan li nan depatman Sid peyi dAyiti epi pouse yo pran zam tou kont rejim Pòtoprens la.
Sous: Haiti Reference
Lafrans
10 Novanm 1555, Amiral « Nicolas Durant de Villegagnon » debake nan bè « Guanabara », nan Brezil.
Se plis pase 600 kolon franse ki te akonpaye li. Youn ladan yo, mwàn « André Thévet », te pote tounen sòti nan avanti sa yon zèb ki te gen pwopriyete atiran tankou tabak.
Men, se nan men « Jean Nicot », yon asosye pwòch « Catherine de Medici », zèb la te pran non li (nikotin). Pandan setan, antrepriz « Villegagnon » an te tonbe nan trajedi.
Polòy
10 Novanm 1918, Polòy te reprann endepandans li aprè defèt Alman yo ak efondreman anpi Tsarist la, avèk Marshal « Jozef Piłsudski » alatèt li.
Alman yo te libere l, li te retounen Varsovi nan epòk sa, epi li te pran kòmandman fòs ame Polonè yo.
Nan jou ki te swiv la, Jou Armistis la, li te pwoklame ofisyèlman endepandans Polòy epi li te vin chèf deta pwovizwa Dezyèm Repiblik Polonè a.
Sepandan, li t ap toujou oblije goumen ak bolchevik ris yo. Viktorye avèk sipò fransè yo nan epòk sa, li t ap jwenn, avèk Trete Vèsay la, rekonesans endepandans li nan yon espas ki te trè laj, ni nan lès ni nan lwès.
Sous : www.herodote.net
Turquie
10 novanm 1938, Mustafa Kemal, prezidan fondatè Repiblik Tik la, mouri nan Istanbul.
Tout revèy nan Palè « Dolmabahçe », kote li te mouri a, toujou kanpe nan lè sa a.
Tik yo obsève yon minit silans an omaj a Ghazi yo ki te ba yo yon idantite nasyonal epi ki te fonde eta yo a. Trafik la bloke, pandan sirèn bato yo ap sonnen nan pò Istanbul la.
Sous : www.herodote.net
Lafrans
10 novanm 1667, premyè prezantasyon nan vil Pari peyi Lafrans, « Andromaque” yon tranjedi Jean Racine.
Se te yon Pyès teyat ki te gen 1 654 vèsè aleksandren, ki te jwenn enspirasyon li nan mitoloji grèk la ak « Hippolyte d’Euripide ».
Li dekri lanmou « Phèdre », madanm « Thésée », pou « Hippolyte », pitit gason « Thésée » ak yon Amazon. Pyès teyat la jwe depi lontan.
Konsidere kòm youn nan chèdèv otè li a, « Phèdre » te enfliyanse plizyè jenerasyon lektè.
Sous : france-pittoresque



























