Ayiti
14 oktòb 1867 : Sylvain Salnave kraze chanm depite a
14 oktòb 1867, aprè yon revòlt, Chanm nan te kraze e konstitisyon an te sispann aplike. Avèk rèl tankou «Viv Salnave! Anba Chanm nan!», yon gwoup Prezidan Sylvain Salnave te peye, te chase reprezantan pèp la nan plas yo.
2 jou avan sa, Victorin Chevallier, ki te Enspektè Jeneral Gad Nasyonal Repiblik la, te antre ak fòs nan lakou Palman an e li te menase eli pèp la ak pawòl sa yo: «Nou vin atake Revolisyon an, mwen menm mwen prezante m pou defann li, m ap defann li.»
https://mjp.univ-perp.fr/constit/ht1867.htm
Ayiti
_14 oktòb 1930 : premyè eleksyon senatoryal aprè peryòd okipasyon ameriken an_
Nan dat 14 oktòb 1930, apre yon peryòd okipasyon ki te byen long, Etazini te otorize eleksyon palmantè yo, paske yo te vle retire kò yo an Ayiti.
Pandan kanpay elektoral la, te gen anpil chirepit nan mitan nwa ak milat yo. Eleksyon yo te bay fòs nasyonalis yo majorite. Men nouvèl Asanble Nasyonal ki te eli a te chwazi yon milat, Sténio Vincent, kòm prezidan nan dat 18 novanm 1930.
https://www.wikiwand.com/en/articles/1930_Haitian_parliamentary_election
Ayiti
14 oktòb 1993 : assasinay François Guy Malary
Nan dat 14 oktòb 1993, kòtèj François Guy Malary a, Avoka epi ansyen minis Jistis ayisyen sou administrasyon Aristide- Malval, te resevwa anpil kout bal bò legliz Sakrekè nan Tijo. Minis la mouri sou plas ak chofè li ansanm ak tout sekiritel.
https://fr.wikipedia.org/wiki/Fran%C3%A7ois_Guy_Malary
Etazini
14 oktòb 1964 : Martin Luther King resevwa Pri Nobèl lapè
Nan dat 14 oktòb 1964, Martin Luther King, ki te gen 35 lane, te resevwa Pri Nobèl Lapè pou angajman li an favè dwa sivik yo nan non-vyolans; se li ki pi jèn moun ki te resevwa pri sa a.
Martin Luther King Jr., ki fèt nan Atlanta, 15 janvye 1929, se yon pastè kretyen batis ak yon militan afro-ameriken ki te itilize non-vyolans pou mouvman Dwa Sivik Ameriken an, yon militan devwe pou lapè e kont lamizè.
https://fr.wikipedia.org/wiki/Martin_Luther_King
14 oktòb : jounen mondyal nòmalizasyon
Jounen mondyal nòmalizasyon an se yon evènman ki fèt chak ane nan dat 14 oktòb pou mete aksan sou enpòtans estanda teknik yo genyen nan devlopman ekonomik, sekirite ak inovasyon. Jounen sa rann omaj a travay ekspè yo k ap elabore estanda entènasyonal ki fasilite echanj komèsyal epi garanti bon jan kalite pwodwi ak sèvis yo.
https://journees.net/sciences-tech/journee-mondiale-pour-normalisation



























