25 septanm 1493 : dezyèm Vwayaj Kristòf Kolon nan Amerik la
Nan dat 25 septanm 1493, Kristòf Kolon te kòmanse dezyèm vwayaj li pou l al nan Amerik, vwayaj sa te dire 3 lane. Li te kite Espay ak 3 misyon:
konvèti moun natif natal yo nan relijyon katolik la, kreye relasyon komèsyal avèk yo, epi mete baz pou yon koloni.
Pandan vwayaj sa a, Kristòf Kolon te pwofite zile ki nan lanmè Karayib la (jodi a Jamayik, Ayiti, Kiba, Gwadloup, Sen-Maten, Santa Cruz, elatriye). Nan mwa janvye 1494, li fonde La Isabella sou zile Ispanyola (Ayiti) pou ranplase La Navidad, yo te detwi a.
25 septanm 1926 : siyati Konvansyon sou Esklavaj la
Konvansyon sou Esklavaj la se yon antant Sosyete Nasyon yo te tabli, e yo te siyen l nan vil Jenèv, nan peyi laswis, nan dat 25 septanm 1926, pou l te ka soumèt li bay Eta manm yo pou yo ratifye l. Li te aplike nan dat 9 mas 1927.
Objektif prensipal konvansyon sa se pou l bay aksyon konkrè sou sa tèks anvan yo te di sou dosye esklavaj, epi elaji domèn li a pou l gen ladan l tou travay fòse, pou l anpeche kondisyon travay sa yo tounen menm jan ak esklavaj.
https://fr.m.wikipedia.org/wiki/Convention_relative_%C3%A0_l%27esclavage_(1926)
25 septanm 1964 : lagè pou lendepandans Mozanbik
Lagè Endepandans Mozanbik la se te yon konfli ame ant gwoup geriya ki rele Fwon liberasyon Mozanbik la (FRELIMO) ak Pòtigal.
Lagè a te ofisyèlman kòmanse 25 septanm 1964 epi li te fini ak yon deklarasyon pou sispann tire nan dat 8 septanm 1974. Konfli se konfli ki te rann Mozanbik endepandan nan lane1975.
https://fr.m.wikipedia.org/wiki/Guerre_d%27ind%C3%A9pendance_du_Mozambique
25 septanm 1963 : koudeta militè nan Repiblik Dominikèn
Koudeta dominiken an 1963 la se te yon koudeta ki te fèt 25 septanm 1963 kont prezidan Juan Bosch nan Repiblik Dominikèn. Juan Bosch te premye prezidan yo te eli demokratikman apre ansyen diktatè Rafael Trujillo te fin asasinen, men yo te kritike l poutèt politik li, yo te wè kòm politik gochis. Sa te mennen nan yon koudeta ki te ranplase gouvènman l lan ak yon jent militè, epi yo menm te ranplase l ak yon jent sivil.
https://en.m.wikipedia.org/wiki/1963_Dominican_coup_d%27%C3%A9tat




























