Ayiti
13 novanm 1940 : patisipasyon ekriven Jacques Roumain nan yon senpozyòm Etazini
13 novanm 1940, ekriven Jacques Roumain patisipe nan yon senpozyòm anba tèm: « The Frustrated Harlem Renaissance » nan lokal “Newspaper Guild Club” vil “New York”, peyi Etazini.
Entèvansyon li te fè an te pibliye sou tit « Is Poetry Dead? » nan magazin amerikèn « New Masses » nan mwa janvier 1941.
Ekriven, politisyen ayisyen epi fondatè Pati Kominis Ayisyen, Jacques Roumain, fèt 4 jen 1907 nan Pòtoprens epi mouri 18 dawout 1944 an Ayiti.
Malgre lavi li te kout, powèt la, te gen yon enfliyans konsiderab sou kilti Ayisyèn lan.
Sous : Haiti Reference
Ayiti
13 novanm 2018 : plizyè dizèn douzèn moun pèdi lavi yo nan La Saline
13 novanm 2018, plizyè dizèn douzèn moun te pèdi lavi yo, pami yo 15 fanm ak tifi te vyole, epi anviwon 50 moun disparèt swit ak yon masak gang fè nan katye ouvriyè La Saline.
Katye sa a, ki pa twò lwen Primati Repiblik lall ak Palman ayisyen an nan epòk sa, anba kontwòl bandi ak zam, te tounen yon zòn ki pi dezète, daprè rapò Rezo Nasyonal k ap Defann Dwa Moun te pibliye nan epòk sa.
Pi gwo masak ki anrejistre ann Ayiti depi rejim Duvalier a, aprè masak Jean-Rabel la nan lane 1987 ki te fè 139 mò, dapre yon rapò ankèt RNDDH.
Sous : Haiti Reference
Angletè
13 novanm 1002 : masak fanmi chèf danwa « Sweyn Forkbeard »
Nan dat 13 novanm 1002, wa anglo-sakson « Æthelred » bay lòd masakre fanmi chèf danwa « Sweyn Forkbeard ». Sweyn te vin an kòlè anpil.
Kòm revanj pou Masak » Sen Brice » la, li te deside konkeri tout Angletè. Kidonk, yon dinasti danwa t ap dirije jiskaske “Norman” yo te rive sou lòd “William” Konkeran an.
Sous : www.herodote.net
Lafrans
13 novanm 1907 : premye vòl elikoptè reyisi nan peyi Lafrans
Nan dat 13 novanm 1907, premye vòl elikoptè reyisi nan peyi Lafrans. Se nan Coquainvilliers, touprè « Lisieux », Paul Cornu te reyisi pran syèl la pou premye fwa nan yon elikoptè.
Jou sa a, li te rive nan yon altitid… 1.5 mèt nan vòl vètikal lib! 2 semèn anvan, nan faktori li nan « Douai », jèn « Louis Breguet » te reyalize yon eksplwa menm jan an, ak diferans avyon li a te dwe kenbe balans gras ak 4 operatè sou tè a.
Sous : www.herodote.net



























