Accueil yon dat,yon jou,yon evènman Yon jou, yon dat, yon evènman

Yon jou, yon dat, yon evènman

 

1e oktòb 2009 : prezidan Clinton rankontre yon delegasyon òm dafè an Ayiti

Nan mwens 2 mwa pandan dènye sejou k nan peyi Dayiti, sou envitasyon Gouvènman ayisyen an ak sektè prive a, prezidan ameriken Bill Clinton akeyi plis pase 500 òm dafè entènasyonal an Ayiti, nan dat 1e oktòb 2009. N ap souliye gwoup envestisè sa yo te vin eksplore opòtinite mache a pou yo te kapab envesti nan peyi a.

https://reliefweb.int/report/haiti/le-pr%C3%A9sident-clinton-%C3%A0-la-t%C3%AAte-dune-d%C3%A9l%C3%A9gation-dhommes-daffaires-en-ha%C3%AFti

Ayiti/Grenad : apèl ijans ONU aprè pasaj yon ouragan

Nan dat 1e oktòb 2004, Jean Egeland, ki te Kowòdinatè Sekou Ijans Nasyonzini, te lanse yon apèl yon total 59 milyon dola pou Ayiti ak Grenad, kote 2 gwo siklòn te koze anpil dega nan 2 peyi sa yo. Gwo inondasyon te frape Ayiti akòz siklòn Jàn nan septanm 2004, pandan siklòn Ivan te koze anpil dega nan Grenada nan septanm 2004.

Ayiti te peyi ki pi afekte a ak plis pase 3,000 moun ki mouri akòz inondasyon ak glisman tè. Nan peyi Grenada,siklòn nan te detwi 90% kay ak bato, sa ki te lakòz lanmò ak plizyè moun blese.

https://news.un.org/fr/story/2004/10/60292

1e oktòb : jounen entènasyonal aje granmoun yo

Nan dat 14 desanm 1990, Asanble Jeneral Nasyon Zini an te pwoklame 1e oktòb jounen entènasyonal moun aje yo ( daprè rezolisyon 45/106).

Asanble Mondyal sou vyeyisman an te adopte
Plan Aksyon Entènasyonal Vyèn pou Vyeyisman an nan lane 1982 epi Asanble Jeneral Nasyon Zini an te apwouve l pita nan menm ane a. Jounen sa raple nou vyeyès se pa sèlman yon kesyon laj, men yon vwayaj nan lavi ki merite atansyon ak respè.

https://www.un.org/fr/observances/older-persons-day

1e oktòb : jounen mondyal mizik

Jounen mondyal mizik selebre chak 1e oktòb. UNESCO te fikse dat sa a nan lane 1975 pou selebre divès fason mizik eksprime l ak enpòtans li genyen toupatou sou latè.

Dat la varye nan kèk peyi , men objektif la rete menm jan an. Gen kèk peyi Ewopeyen ki fete l nan dat 22 novanm, alòske nan peyi Frans yo fete l nan dat 21 jen, kòm Fèt Mizik.

Nan jounen sa a, yo rann omaj a tout mizisyen yo ansanm ak divès estil mizik moun toupatou apresye epi pataje, sa ki mete yo ansanm alantou yon santiman inite.

https://fr.m.wikipedia.org/wiki/Journ%C3%A9e_internationale_de_la_musique

1e oktòb : jounen entènasyonal kafe

Jounen entènasyonal kafe a selebre chak ane nan dat 1e oktòb. Se Òganizasyon Entènasyonal Kafe (OIC) a ki te mete l sou pye nan lane 2015 pandan Ekspozisyon Inivèsèl Milan an.

Pou lane 2025 lan, jounen mondyal kafe dewoule anba tèm : « Plis pase tout tan, kolaborasyon nan sèvis aksyon kolektif. » Tèm sa a mete aksan sou wòl esansyèl kolaborasyon an nan tout chèn valè kafe a pou bati kominote solid ak yon avni dirab. Dat sa a sèvi kounye a kòm yon gwo randevou sou plan mondyal pou mete kafe, ki se youn nan bwason ki pi konsome sou latè, a lonè.

https://journee-mondiale.eu/journee-internationale-du-cafe