Ayiti
9 septanm 2008, palman an te vote yon lwa sou eta dijans, epi gouvènman an te pibliye li aprè siklòn devastatè yo te fin frape peyi a. Lwa sa a te pèmèt gouvènman an pran mezi espesyal pou ede popilasyon ki te sinistre yo epi depanse lajan ki nesesè pou rekonstriksyon an.
Rezon ki fè lwa sa a te bon se paske, souvan, Ayiti pa gen mwayen pou asire popilasyon yo jwenn sa yo bezwen nan gwo zòn nan peyi a, kit se pandan katastwòf natirèl, kit se pandan gwo dezòd piblik.
https://lenouvelliste.com/article/62283/le-rnddh-se-prononce-sur-la-loi-de-letat-durgence
9 septanm : jounen entènasyonal pou Pwoteje Edikasyon kont Atak
Jounen Entènasyonal pou Pwoteje Edikasyon kont Atak se yon evènman Asanble Jeneral Nasyonzini an te etabli an Me 2020 pou defann dwa a edikasyon, patikilyèman nan zòn konfli, kote enstitisyon edikasyonèl, elèv ak pwofesè yo viktim vyolans ki vyole dwa imanitè entènasyonal la.
Selebrasyon an fikse pou 9 septanm. Mezi sa a lye ak Deklarasyon Lekòl An Sekirite 2015 la.
https://fr.wikipedia.org/wiki/Journ%C3%A9e_internationale_pour_la_protection_de_l%27%C3%A9ducation_contre_les_attaques
9 septanm 1991 : pwoklamasyon endepandans Tadjikistan
Nan moman gwo chanjman t ap fèt nan blòk kominis la, Palman Tadjikistan te pwoklame endepandans li parapò ak Inyon Repiblik Sosyalis Sovyetik (URSS). Li te anonse tou yon eleksyon prezidansyèl pou 27 oktòb 1991.
https://perspective.usherbrooke.ca/bilan/servlet/BMHistoriquePays/TJK
9 septanm 1990 : Asasina prezidan liberyen an, Samuel K. Doe
Metòd prezidan Doe, ki te sou pouvwa depi 1980, te otoritè e yo te sèvi pou kraze moun. Sa te kreye anpil gwo tansyon ant diferan gwoup etnik nan peyi a. Sitiyasyon an te vin tounen yon gè sivil lè 2 gwoup rebèl te fòme.
Charles Taylor te alatèt NPLF, alòske Prince Yormic Johnson te kòmande yon lòt gwoup ki te endepandan. 23 jiyè 1990, twoup Johnson yo te pran kontwòl kapital la, Monwovya. Kominote Ekonomik Leta Afrik de Lwès (ECOWAS) te voye yon fòs mentyen lapè ki te gen 4000 sòlda, e yo te deplwaye yo 24 dawout. Nan dat 9 septanm lan, prezidan Samuel K.
Doe te rann tèt li nan katye jeneral fòs miltinasyonal mentyen lapè a. Gen echanj kout zam ki te pete ant fòs afriken an ak moun ki te fidèl ak Johnson. Pandan batay la, yo te tire prezidan Doe, epi yo te fè l prizonye. Li mouri ak blesi li yo 9 septanm 1990.
https://perspective.usherbrooke.ca/bilan/servlet/BMEve/634
Kanada
9 septanm 1775 : Yon tanpèt frape « Nouvelle Terre »
Nou pa sèten si se te rès siklòn ki te frape kòt ameriken an prèske yon semèn anvan, men sa posib. Tanpèt sa a, ki te pase sou Gran ban « Terre Neuve » yo, se premye tanpèt yo te anrejistre ofisyèlman nan Kanada Atlantik, e li se tanpèt ki te fè plis mò nan istwa Kanada.
Gouvènè kolonyal la, Robert Duff, te rapòte ke li te fè anpil gwo dega nan flòt lapèch la ak gwo van li yo. Yon gwo kantite bato ak tout moun ki te sou yo te pèdi anba lanmè, e plizyè bato te echwe sou kòt la. Yo te konte 4,000 maren, sitou ki te soti nan Angletè ak Iland, ki te nwaye nan tanpèt la.
https://fr.m.wikipedia.org/wiki/Ouragan_de_Terre-Neuve_de_1775




























