Ayiti
2 janvye se jou Zansèt yo, se yon jou ferye piblik an Ayiti. Se yon jou dedye a memwa fondatè Ayiti yo ak tout moun ki te bay lavi yo nan lit pou endepandans nan kòmansman 19ème syèk la.
Nan jou sa a, fanmi ak zanmi selebre epi pataje gwo bankè, yon aspè enpòtan nan kilti ayisyèn nan.
Gen kèk manje tradisyonèl yo manje nan jou sa a tankou Diri djon, salade bètrouj ak Diri kole ak pwa.
Sous : Haiti Reference
Etazini
2 janvye 1971 te make yon gwo pa annavan nan règleman tabak Ozetazini. Piblisite sigarèt te ofisyèlman entèdi nan televizyon ak radyo, yon desizyon kle nan lit kont fimen ak pwomosyon sante piblik.
Sous : monsieurvintage.com
Etazini
2 janvye 2004, « rover Spirit » ateri sou planèt Mas. Robo sa a, ki te fèt pou eksplore sifas Mas la, te depase tout atant yo lè li te bay done enpòtan sou jewoloji ak klima Planèt Wouj la pandan plizyè ane.
Eksperyans sa se te yon nouvo chapit nan eksplorasyon espasyal, NASA te ekri.
Sous : monsieurvintage.com
Japon
2 janvye 1905, nan kòmansman lagè « Russo-Japonais », garnizon « Russe de Port-Arthur » la te rann tèt li bay lame Japonè a apre 11 mwa rezistans.
Pò a, ki te kontwole aksè nan pwovens Chinwa « Manchouri », te pase de yon pwisans kolonyal a yon lòt.
Sous : le Monde.fr
Espay
2 janvye 1492, kapitilasyon « Boabdil », dènye desandan dinasti Nasrid la, te mete fen nan wayòm mizilman Grenad la. Yo te mete deyò jwif ki te refize konvèti yo.
Mizilman yo menm te konvèti ak fòs sou enstigasyon « Francisco Ximenez », oubyen « Jimenez de Cisneros », konfesè Rèn Izabèl Katolik la ak Achevèk Tolèd.
Sous : Le Figaro
Frans
2 janvye 1942, Rezistans lan te libere vil Pari, aprè yon long peryòd preparasyon. Triyonf sa a te rive posib gras avèk Jean Moulin, ki te parachite an Frans nan dat sa.
San dout, li te youn nan manm ki pi popilè nan Rezistans lan, li te reyisi ini epi òganize manm li yo anba lidèchip Jeneral de Gaulle, transfòme li an yon fòs pou yo te ka konte sou li nan lagè a.
Sous : Retro News



























