Accueil yon dat,yon jou,yon evènman Yon jou, yon dat, yon evènman

Yon jou, yon dat, yon evènman

 

Ayiti
 
1er janvye 1804, zile Sen Domeng lan te vin endepandan aprè yon lagè liberasyon ki te long epi ki te fè anpil san koule.
 
Ansyen koloni fransèz la te vin premye eta nwa nan epòk modèn nan epi dezyèm eta endepandan nan Amerik yo aprè Etazini.
 
Pou okazyon an, li te adopte non Ayiti, Endyen Taíno yo te ba li anvan rive Kristòf Kolon sou zile a.
 
Sous : Haiti Reference
 
Kiba
 
1er janvye 1959, nan Kiba, Fidel Castro ki te gen laj 31 lane epòk la, te ranvèse diktatè Batista a epi li te pran pouvwa a.
 
Fidel Castro te debake sou zile a sou yon bato kit e rele “Granma” 2 lane anvan sa, nan dat 2 desanm 1956, avèk yon gwoup disip fidèl.
 
Pami yo te genyen « Ernesto Guevara », yon jèn doktè ajanten yo te rele « Che » ki vle « Nonm » lan.
 
Sous : www.herodote.net

Etazini
 
1er janvye 1892, jiska fèmti ofisyèl li nan dat 12 novanm 1954, sant imigrasyon federal ki te sou kontwòl « Ellis Island », nan bouch Rivyè « Hudson » nan Bè « New York », te vini pòtay obligatwa pou tout imigran ki t ap vini Ozetazini soti an Ewòp ak Mwayen Oryan.
 
Antou, douz milyon moun te pase la. Konpayi maritim yo te oblije verifye aplikan yo, sinon yo te responsab pou rapatriman yo.
 
Malgre sa, yo te refize yon kantite nan yo sou « Ellis Island », sitou akòz maladi.
 
Sous : Retro News

Slovaki
 
1er janvye 1993, Slovaki, yon nasyon etranj ki pat janm genyen yon egzistans ofisyèl anvan, te separe san pwoblèm ak Repiblik Tchèk la, kote li te ini nan fen Premye Gè Mondyal la sou non Tchekoslovaki.
 
Sous : Retro News

Inyon Ewopeyèn
 
1er janvye 2002, 304 milyon Ewopeyen nan douz peyi Inyon Ewopeyèn nan adopte « Euro » kòm nouvo lajan sou fòm biye ak pyès monnen.
 
“Euro” a te fèt 3 lane anvan, lè lajan menm peyi sa yo te lye youn ak lòt nan to echanj fiks. An menm tan, politik monetè 11 peyi ki te enplike yo, patikilyèman fiksasyon to rediskont yo, te konfye ak yon Bank Santral Ewopeyen (BCE) ki baze nan Frankfurt, peyi Almay.
 
Sous Le Figaro
 
End
 
1er janvye 1877, sou sijesyon Premye Minis Britanik la, « Benjamin Disraeli », Rèn « Victoria » pwoklame enperatris peyi End.
 
Souverèn nan te kontan anpil epi li te vin atache ak posesyon Azyatik sa yo, li pat janm wè avan, li te aplike yon politik tolerans relijye ak bon volonte.
 
Sous : le Monde.fr