Ayiti
30 desanm 1843, Konstitisyon 1843 a Pwomilge. Yon Konstitisyon ki prèske pa janm pral aplike.
Sepandan, Chat 1843 a eseye etabli yon vrè pouvwa egzekitif. Sekretè Deta yo, ki genyen kondisyon nominasyon, fonksyon ak relasyon Palman an te byen defini.
Tout antite leta te responsab tout aksyon yo menm Prezidan repiblik la.
Sous : Haiti Reference
Vatikan
30 desanm 1370, « Pierre Roger de Beaufort » nonmen pap. Pandan 8 ane pontifika li a, li te rele tèt li « Gregory XI ». Li te dènye pap fransè.
Sous : Domaine public
Japon
30 desanm 1927, Premye liy metwo Azyatik la te ouvri nan vil Tokyo peyi Japon. Jodi a, metwo Tokyo a pami sa yo ki plis okipe nan mond lan.
Sous: cnews.fr/diaporamas
Irak
Saddam Hussein, prezidan Repiblik Irak pandan 23 an, te pann nan dat 30 desanm 2006 nan vil Bagdad.
Se yon Tribinal Espesyal an Irak ki te kondane li pou enplikasyon li nan krim kont limanite aprè asasinay 148 Chiit Irak nan vil Dujail.
Krim sa te fèt nan lane 1982, kòm revanj pou yon tantativ asasina kont li.
Sous : Domaine Public
Chin
30 desanm 1911, “Sun Yat-sen” pwoklame Repiblik Lachin. Li te vin premye prezidan gouvènman pwovizwa ki te etabli nan « Nanjing ».
Repibliken yo te denonse lejitimite gouvènman enperyal la nan “Beijing”. Sedisyon ak imilyasyon pisans oksidantal yo te enflije sou li te afebli li.
Sous : www.herodote.net
Risi
30 desanm 1922, 5 lane aprè koudeta bolchevik la ki te pote non Revolisyon Oktòb, Larisi te chanje non li pou Inyon Repiblik Sosyalis Sovyetik yo (URSS).
Se te yon federasyon ki te genyen ladan l Larisi pwòp, Ikrèn, Byelorisi ak Transkokaz. Pandan plizyè dizèn ane, li te vin gen ladan l 15 repiblik ki te genyen yon otonomi trè limite.
Yo te siyen sètifika lanmò li nan dat 21 desanm 1991, nan 69ème ane egzistans li.
Sous : www.herodote.net





























