Yon jou, yon dat, yon evènman

     

    Ayiti

    24 desanm 1492 : nofraj bato Santa Maria

    24 desanm 1492, Youn nan twa karavèl ki te kite pò Palos nan dat 3 dawout 1492, pou nouvèl avanti Mond lan, Santa Maria te koule nan lavèy Nwèl.

    Moun endijèn yo te patisipe aktivman nan operasyon sekou a epi yo te ede Panyòl yo bati yon fò, yo te rele « La Nativité », ak debri karavèl la.

    Sous : Haiti Reference

    Ayiti

    24 desanm 1815 : Simon Bolivar debake nan vil Okay

    24 desanm 1815, Simon Bolivar yo te mete deyò Venezyela ak nan Jamayik, debake nan nan vil okay depatman Sid peyi Dayiti kote li te jwenn bon akèy.

    Kèk jou aprè, Simon Bolivar te monte Pòtoprens, depatman lwès Ayiti kote li te rankontre avèk Alexandre Petion ki te vin Zanmi li.

    Sous : Haiti Reference

    Ayiti

    24 desanm 1990 : Jean Bertrand Aristide ranpòte eleksyon prezidansyèl yo

    24 desanm 1990, Konsèy Elektoral Pwovizwa epòk la, anonse viktwa Jean Bertrand Aristide nan eleksyon 16 Desanm yo.

    Sepandan, rezilta ofisyèl yo pat pibliye jiskaske 14 Janvye 1991, ki te montre Aristide te genyen ak 67.2% nan vòt yo. Bazin, ki te vini an dezyèm, te resevwa sèlman 14.2% nan 63% elektora a.

    Sous : Haiti Reference

    Ayiti

    24 desanm 2011 : 30 resòtisan ayisyen nan nofraj touprè kòt Kiba

    24 Desanm 2011, Gad kòt Kiben an anonse pou pi piti lanmò 38 migran Ayisyen epi 87 te sove apre bato yo te ye a te koule touprè kòt Kiba.

    Gad kòt la te wè bato a ki te prèske koule a anviwon 100 mèt de kòt « Punta de Maisi », epi yo te jwenn 38 kadav, 21 gason ak 17 fanm.

    Sous : Haiti Reference

    Lafrans

    24 desanm 1799 : piblikasyon Konstitisyon « l’an VIII » lan

    24 desanm 1799, Konstitisyon « l’an VIII », ki te etabli ofisyèlman Konsila, ki te sòti nan koudeta « 18 Brumaire » la, pibliye.

    Royalis yo ak lòt opozan yo, jounalis pwofesyonèl yo te konnen kijan pou yo entèprete konstitisyon yo.

    Yo te wè touswit konstitisyon sa a te anonse diktati « Napoleon Bonaparte » la. Yo te wè tou rejim nan, antanke eritye Revolisyon an, te lye ak lagè.

    Non sèlman yo te fòse l antre nan lagè, men lagè te parèt esansyèl kòm yon fason pou detounen atansyon sou kriz entèn yo.

    Sous : www.herodote.net

    Afganistan

    24 desanm 1979 : URSS pran kontwòl Ayewopò Afgàn lan

    24 desanm 1979, Sovyetik yo te pwofite pisans oksidantal yo pou yo te pran kontwòl ayewopò Afgan yo ak yon ti kontingen twoup ayeryen nan lavèy Nwèl la.

    Twa jou aprè, 20, mil sòlda kit e gwo zam lagè nan men yo te okipe peyi epi yo te pran Kaboul.

    Yon inite elit, sou kòmandman Kolonèl Yakov Semenov, te sezi palè prezidansyèl la epi yo te egzekite Prezidan “Amin”, ki te eseye opoze entèferans Sovyetik yo. Babrak Karmal, yon kominis konvenki, te ranplase li imedyatman.

    Sous : www.herodote.net