Accueil yon dat,yon jou,yon evènman Yon jou, yon dat, yon evènman

Yon jou, yon dat, yon evènman

 

Ayiti

19 desanm 1957 : Prezidan François Duvalier fè vote premye amannman konstitisyonèl li

19 desanm 1957, touswit aprè François Duvalier te fin monte pouvwa a, li te fè vote premye amannman konstitisyonèl li, ki te gen 8 seksyon ak 196 atik.

Se te dezyèm amannman konstitisyon an te sibi ki te vini apre referandòm 14 jen 1964, ki te pèmèt li modifye sèten atik epi garanti dwa pou li rete sou pouvwa a vi.

Li te fè menm bagay la nan lane 1971, lè Chanm Depite yo te adopte 13 atik ki te modifye tèks anvan an, youn ladan yo te diminye laj minimòm pou vin prezidan ak 18 lane.

Sous : Haiti Reference

Ayiti

19 desanm 1928 : lanmò Fernand Hibbert

19 desanm 1928, romansye, otè pyès teyat ak diplomat Ayisyen mouri Fernand Hibbert, nan Pòtoprens.

Li te Sekretè Deta pou Enstriksyon Piblik, nan wòl sa, li te fè Istwa Ayisyen yon pati obligatwa nan egzamen final yo.

Sous : Haiti Reference

Ayiti

19 desanm 1869 : destriksyon Palè nasyonal nan yon eksplozyon

19 desanm 1869 yon gwo eksplozyon detwi palè prezidansyèl nan Nan Pòtoprens. Se bato rebèl « La Terreur » ki te bonbade li. Yo te estoke plis pase 2 mil barik poud kanon ladan l.

Sous : Haiti Reference

Lafrans

19 desanm 1964 : transfè sann kò « Jean Moulin » nan « Panthéon » nan vil Pari

19 desanm 1964, sann « Jean Moulin » transfere nan « Panthéon » nan vil Pari, peyi Lafrans, sou inisyativ Jeneral « de Gaulle » ak Minis Afè Kiltirèl la, « André Malraux ».

Minis Afè Kiltirèl la te fè yon diskou touchan nan okazyon sa pou rann omaj ak « Jean Moulin » ak tout moun ki te reziste kont okipasyon alman an.

Sous : www.herodote.net

Lafrans

19 desanm 2024 : Pwosè vyòl Mazan nan Tribinal Kriminèl « Vaucluse »

19 desanm 2024, Pwosè vyòl Mazan fèt devan Tribinal Kriminèl « Vaucluse » nan Avignon.

Nan pwosè sa, ki te dire plis pase 90 jou, viktim nan, Gisèle, te fè fas ak mari l ak 50 ko-akize.

Mari a ak prensipal akize a, « Dominique Pelicot », te kondane a yon pèn maksimòm 20 lane prizon pou vyòl grav sou madanm li.

Pandan yon deseni, li te dwòge madanm li epi li te ofri l bay etranje « rekrite » sou sit rankont coco.fr la, yon sit pònografik ki aksesib a tout moun.

Sous : Lemonde.fr

Angletè

19 desanm 2005 : premye maryaj legal ant moun menm sèks nan Wayòm Ini

19 desanm 2005, premye maryaj legal ant moun menm sèks nan Wayòm Ini te fèt ant Grainne ak Shannon nan Ilann dinò. Evènman sa a te yon vrè revolisyon pou peyi katolik sa a, ki tèlman atache ak tradisyon.

Sous : AFP/Archives