Ayiti
11 desanm 1812 : nesans ekriven Coriolan Ardouin
11 desanm 1812, Powèt Coriolan Ardouin fèt nan Petit-Trou-de-Nippes, depatman Nip Peyi Dayiti.
Nan menm jou a, youn nan frè l yo, ki te gen 2 lane, mouri nan chanm ki te sou kote li a. Anvan li te genyen 15 lane, li te pèdi papa l, manman l ak yon gran sè. Pandan tout jènès li, li te soufri ak maladi nan tèt.
Li Marye byen jèn, li te pèdi madanm li ak pitit fi li kèk mwa anvan pwòp lanmò li an 1836. Pwezi li se ekspresyon soufrans ekstrèm.
Sèl travay li, « Relik yon Powèt Ayisyen, » te pibliye apre lanmò li an 1837. Coriolan Ardouin te genyen 2 frè politisyen ak istoryen, Beaubrun ak Céligny Ardouin.
Sous : Haiti Perspectives
Ayiti
11 desanm 1904 : nesans ekriven Philippe Thoby-Marcelin
11 desanm 1904, ekriven Philippe Thoby-Marcelin fèt nan Pòtoprens kapital Ayiti. Nan lane 1927, li te patisipe avèk Jacques Roumain, Carl Brouard, ak Émile Roumer nan kreyasyon « La Revue Indigène ».
Nan lane 1944, li te pibliye premye woman li a, « Canapé Vert », ki te resevwa Pri Literè Amerik Latin nan.
Mete sou sa, nan lane 1946, li te pibliye « La bête de Musseau », an 1952 « Le crayon de Dieu » epi an 1970 « Tous les Hommes sont fous ».
Li ekri ansanm avèk frè li, Pierre, « Contes et légendes d’Haïti », ki te pibliye nan lane 1967. Li te mouri an 1975.
Sous : Haiti Reference
Ayiti
11 desanm 2003 : gwo manifestasyon nan Pòtoprens pou mande demisyon Prezidan Aristide
11 desanm 2003, plizyè dizèn milye moun ki gen etidyan, timoun lekòl, pwofesè, atis, manm sosyete sivil la, aktivis dwa moun, sendikalis, ak lidè politik manifeste nan lari pòtoprens pou mande demisyon Prezidan Jean Bertrand Aristide.
Manifestasyon sila te dire plizyè èdtan, manifestan yo te kritike polisye ki te prezan yo pou konpòtman yo.
Tou pre Palè Nasyonal la, lapolis te itilize gaz lakrimojèn ak bal reyèl pou te dispèse foul la ki te gwo.
Sous : Haiti Reference
Ayiti
11 desanm 2007 : kondanasyon 4 jenn ayisyen nan Etazini
11 desanm 2007, 4 jenn Ayisyen kondane Ozetazini pou pase sòti 13 ak 19 lane nan prizon pou enplikasyon yo nan kidnaping yon tifi amerikèn ann Ayiti.
4 jenn gason Ayisyen sa yo se, Lesly Mérise kit e gen laj 29 lane, Yves Jean Louis, 20 lane, Phito Cajuste, 26 lane, ak Ernso Louis li menm kit e genyen 20 lane sou tèt li.
Tifi ameriken yo te kidnape a te genyen laj 9 lane. Aksyon sa te pase nan mwa Septanm 2005 nan pòtoprens.
Sous : Haiti Perspectives
Espay
11 desanm 1813 : siyati Trete Valençay
11 desanm 1813, wa Espay Ferdinand VII, Napoleon Ier te mete nan prizon nan chato Valençay, te resevwa yon òf anbasadè Napoleon an pou l remèt wayòm li a.
Ferdinand, pèp li a te bay ti non « Desiré, » te siyen Trete Valençay la pou li te kapab retounen Madrid, Kapital peyi Espay aprè 5 lane ekzil, yon benefisyè erè rezistans popilè kont okipan yo.
Sous : Cairm.info
Chin Popilè
11 desanm 2001 : entegrasyon Chin Popilè nan Òganizasyon Mondyal Komès
11 desanm 2001, nan lide pou akselere bès pri endistriyèl yo, Òganizasyon Mondyal Komès la (OMC), ki te fonde 7 lane anvan, te pran risk pou l aksepte Repiblik Chin popilè nan ran li malgre ekonomi li a pat respekte règ liberal yo.
Leta Chinwa a kenbe yon majorite aksyon nan tout gwo konpayi estratejik peyi a, sa ki pèmèt li sibvansyone yo epi ede yo achte rival oksidantal yo, ki rich nan teknoloji ak ekspètiz.
Li domine tou tout sektè bankè a epi, kòm rezilta, li manipile lajan Chinwa a lè li souzevalye li atifisyèlman pou toufe nenpòt fòm konpetisyon atravè manipilasyon pri.
Sous: Retro News
Itali
11 desanm 1937 : Itali soti nan Lig Nasyon yo
11 desanm 1937, Itali pran desizyon retire kò l nan Lig Nasyon yo. Sa te yon konsekans sanksyon òganizasyon entènasyonal la te enpoze kont eta fachis la aprè envazyon Etyopi a.
Avèk desizyon sa a, « Mussolini » te fè yon lòt pa anvè « Hitler », nan yon alyans ki ta pral fatal pou li.
Sous : www.herodote.net



























