Ayiti
8 desanm 1881 : revòlt kont gouvènman epòk la
8 desanm 1881, pandan yon epidemi lawoujòl ki te afekte tout peyi a, Jeneral Desormes Gresseau, yon zanmi konseye Nicolas, sezi asenal Sen Mak la epi revòlte kont gouvènman epòk la.
Kòmandan « Turenne Levieux », ki te malad, kite kabann li, repran asenal la epi chase rebèl yo deyò nan vil la.
Sous : Haiti Reference
Ayiti
8 desanm 1908 : fòmasyon konsèy pouvwa Egzekitif la
8 desanm 1908, Jeneral Antoine Simon, ki te fèk nonmen prezidan pwovizwa Repiblik Dayiti, fòme Konsèy Pouvwa Egzekitif la.
Konsèy la te fòme ak moun sa yo: Renaud Hyppolite, konseye sou Finans ak Komès; Charles Roland, konseye sou Lagè ak Marin; J.J.F. Magny, konseye sou Enstriksyon Piblik ak Relasyon Etranje; epi Murat Claude, konseye sou Travay Piblik ak Agrikilti.
Majorite konseye sa yo te fè pati premye kabinè Prezidan Antoine a.
Sous : Haiti Reference
Ayiti
8 desanm 2010 : gwo manifestasyon nan vil Pòtoprens
8 desanm 2010, gwo manifestasyon vyolan ann Ayiti yon jou aprè piblikasyon rezilta eleksyon prezidansyèl 28 novanm yo, ki te deklare Mirlande Manigat ak Jude Celestin nan 2e tou.
Kominote entènasyonal la te fè presyon pou yon revizyon, ki finalman te elimine kandida ofisyèl la, Jude Celestin, nan dezyèm tou an.
Sous : Haiti Reference
Etazini
8 desanm 1980 : asasina John Lennon
8 desanm 1980, yo asasinen John Lennon kite gen laj 40 lane nan vil Nouyòk, peyi Etazini.
Ansyen chantè “Beatles” la ak patnè li “Yoko Ono” te fèk resevwa fotograf “Annie Leibovitz” nan apatman yo nan santral Pak la pou yon sesyon foto.
Aprè yon sesyon estidyo, « John » ak « Yoko » te retounen nan apatman yo nan aswè a. Jis lè yo t ap travèse papòt la, John te pran yon bal Chapman te tire sou li.
Sous : Retro News
Lachin
8 desanm 1949 : « généralissime chinois Tchang Kaï-chek » pran refij nan « Formosa»
8 desanm 1949, « généralissime chinois Tchang Kaï-chek » pran refij nan « Formosa », moun konnen jodi a sou non Taiwan.
Lidè Pati Nasyonalis Chinwa a, « Guomindang », te etabli yon eta rival ak Lachin kominis la sou zile sa.
Sous : www.herodote.net





























