Ayiti
25 novanm 1950 : pwoklamasyon konstitisyon 1950
25 novanm 1950, Konstitisyon 1950 pwoklamasyon. Konstitisyon sa a, ki te genyen yon karaktè pwogresif, te bay fanm dwa pou vote. N ap souliye li te rete an vigè jiska 1957.
Sous : Haiti reference
Angletè
25 novanm 1120 : nofraj bato « Blanche Nef »
25 novanm 1120, bato ki te pote non « Blanche Nef », fè nofraj pandan l t ap kite pò « Barfleur », nan Nòmandi.
Pami viktim yo, pitit gason Wa Henri Ier « Beauclerc » yo te bay ti non sa a paske li te resevwa yon edikasyon, yon bagay ki ra nan epòk sa a pami chevalye yo.
Henri Ier, pi jèn pitit gason « Guillaume le Conquérant », te vin wa Angletè nan plas gran frè l yo, « Guillaume Rufus » ak « Robert Curthose ».
Sous : Retro News
Nòvèj
25 novanm 1814 : separasyon Nòvèj ak Dànmak
25 novanm 1814, Nòvèj te separe ak « Danemark » epi li te pwoklame endepandans li avèk fyète. Men, rèv sa pa t dire lontan.
Aprè kèk mwa, li te oblije aksepte Wa « Suède » la kòm Souveren li. Inyon pèsonèl 2 wayòm sa yo, te kite Nòvèj ak yon gwo otonomi, t ap dire plis pase 90 lane.
Sous : www.herodote.net
Almay
25 novanm 1936 : siyati pak anti-Sovyetik
25 novanm 1936, Almay Nazi a ak jeneral ki t ap dirije Japon yo te siyen yon pak anti-Sovyetik.
Itali, pwisans oksidantal yo kòm yon gwo desepsyon aprè konkèt li te fè sou Etyopi, ki te rantre nan gwoup la nan dat 6 novanm 1937. Sa te make kòmansman yon alyans ant 3 diktati yo.
Sous : Retro News
Angletè
25 novanm 1885 : Britanik yo konkeri « Birmanie »
25 novanm 1885, Britanik yo te konkeri « Birmanie ». Wayòm nan te ajoute, pou yon ti tan, nan « empire » kolonyal yo nan peyi « Inde ». Li ta vin endepandan 60 ane aprè.
Sous : le Monde.fr



























