Accueil yon dat,yon jou,yon evènman Yon jou, yon dat, yon evènman

Yon jou, yon dat, yon evènman

 

Ayiti

12 novanm 1914 : Etazini ofri administrasyon Davilmar Théodore yon asistans finansyè

12 novanm 1914 administrasyon amerikèn epòk la ofri administrasyon Davilmar Théodore a yon asistans finansyè an echanj pou kontwòl ladwàn, chemennfè, bank yo ak garanti okenn peyi p ap gen dwa itilize waf Saint Nicolas nan peyi Dayiti.

Joseph Davilmar Théodore, fèt nan lane 1847 komin Fò-Libète, depatman nòdès peyi Dayiti. Li mouri 13 janvye 1917 nan Pòtoprens.

Se te yon ofisye militè epi politisyen ayisyen ki te fonde milis « Cacos » anvan li te pran pouvwa a 10 novanm 1914 kòm prezidan a vi.

Nan dat 22 fevriye 1915, milisyen yo te ranvèse l epi Jeneral Jean Vilbrun Guillaume Sam te ranplase l.

Sous : Haiti Reference

Ayiti

12 novanm 1964 : yon gwoup 13 jèn debake Dame-Marie pou ranvèse administrasyon François Duvalier a

12 novanm 1964, yon gwoup 13 jèn Ayisyen debake nan komin Dame-Marie, Depatman Grand’Anse, avèk objektif pou ranvèse administrasyon François Duvalier a.

Jèn sa yo nan epòk la te soti nan plizyè peyi etranje pou te vin afwonte pouvwa bout di Duvalier a, ki finalman te genyen batay la, epi touye yo youn aprè lòt.

Yo te kaptire 2 sivivan : Marcel Numa ak Louis Drouin, yo te mennen yo Pòtoprens, epi egzekite yo devan simityè an prezans yon gwo foul moun, ki te gen ladan l timoun lekòl, ki te rasanble la pou okazyon an.

Sous : Haiti Reference

Angletè

12 novanm 1035 : lanmò Wa “Knut”

12 novanm 1035, Wa “Knut” Legran an mouri nan “Shaftesbury”, peyi Angletè. Lanmò sa te mete fen nan dominasyon « Danois » sou Angletè.

Sipremasi a te retounen nan men “Saxon” yo anvan “Norman William the Conqueror” te ranvèse yo.

Sous : www.herodote.net

Lafrans

12 novanm 1937 : inogirasyon premye tèminal ayewopò sivil nan vil Pari

Nan dat 12 novanm 1937, yo te inogire premye tèminal ayewopò sivil nan rejyon Pari, peyi lafrans, avèk anpil bri nan “Bourget”.

Chwa kote a te fèt depi nan kòmansman premye Gè Mondyal la. Apre lagè a, apati 1919, yo te transfòme ayewopò a epi li te vin premye ayewopò sivil vil Pari.

Se te tou premye ayewopò an Frans ki te gen yon pist aterisaj an beton pèmanan, ki ka itilize nan tout kondisyon metewolojik.

Sous : www.herodote.net