Ayiti
30 oktòb 1991 : Etazini dekrete anbago sou Ayiti
Yon mwa aprè koudeta 30 septanm 1991, Etazini dekrete anbago sou Ayiti nan dat 30 oktòb. Etazini ak kominote Entènasyonal la refize rekonèt gouvènman militè yo te mete anplas epi mande pou retounen nan lòd konstitisyonèl.
Anbago sa te genyen objektif fòse militè yo abandone demach sa.
Sous : haiti-reference.info
Ayiti
30 oktòb 1697 : siyati 2e trete Ryswick
Se yon 30 oktòb 1697, dezyèm Trete Ryswick la te siyen. Premye siyati a te fèt yon mwa anvan ki donk 20 septanm 1697. Trete sa a, ki te konkli ant Lafrans ak Espay nan yon vil Olandè touprè « La Haye » ki rele Rijswijk, te pèmèt Lafrans pran posesyon ofisyèlman pati lwès Sen Domeng lan. Yon syèk aprè, zile a te vin tounen yon posesyon fransè aprè siyati Trete Bazèl la.
Sous : haiti-reference.info
Irak
30 oktòb 749 : Abdullah Abou-el-Abbas pwoklame souvren milzilman
30 oktòb 749, chèf Mizilman ki te gen laj 30 lane, « Abdullah Abou-el-Abbas » pwoklame souvren milzilman pandan yon seremoni lyetnan li yo te òganize nan Moske « Koufa » nan peyi Irak.
Aprè desizyon sa, « Abdullah Abou-el-Abbas » avèk patizan li yo, anvayi Damas epi ranvèse Souvren mizilman « ommeyyade Marwan II » epi vini nouvo mèt « empire » arab la sou non « Saffah » ki vle di Sanginè.
Se nan sans sa li fonde nouvèl dinasti ki te rele nan epòk sa « abasside » ki vle di tonton « Mahomet ».
Sous : www.herodote.net
Lafrans
30 oktòb 1632 : Henri II de Montmorency dekapite nan lakou Kapitòl
30 oktòb 1632, « Henri II de Montmorency » ki te gen laj 37 lane, depakite nan lakou Kapitòl la kote syèj minisipal Toulouse la te ye nan epòk sa.
Pòt kapitòl la te fèmen pou anpeche « Toulousains » yo ki te favorab ak « Duc » la antrave egzekisyon sa. « Henri II de Montmorency » ranpli fonksyon gouvènè avan li te ranplase parenn li sou wayòm nan.
Sous : www.herodote.net
Itali
30 oktòb 1439 : Duc Amédée VIII kòm pwoklame Chèf legliz Katolik
30 oktòb 1439, « Duc Amédée VIII » vini pap, aprè yon ti gwoup Pè Konsilè te reyini pou fè pwoklamasyon sa swit ak degradasyon Pap Eugène IV.
Nouvo Pap la ki genyen laj 56 lane, entwonize yon lane avan sou non « Felix V. », sèlman yon fraksyon nan kadinal yo ak eklips li ki te patisipe nan eleksyon li. Legliz Katolik la konsidere li kòm dènye « antipap » yo.
Sous : www.herodote.net



























