Accueil yon dat,yon jou,yon evènman Yon jou, yon dat, yon evènman

Yon jou, yon dat, yon evènman

 

Ayiti

12 septanm 1905 : Jeneral Monpoint Jeune mouri nan Okap

Monpoint Jeune te fèt nan Okap an 1830. Li te antre nan lame byen bonè, e gras a edikasyon li ak relasyon li te genyen, li te monte grad byen rapid nan yerachi militè a. Li te kòmandan militè Pòtoprens pandan prezidans Boisrond Canal, epi li te youn nan manm gouvènman pwovizwa an 1889.

Pandan prezidans Florvil Hyppolite ak Tirésias Simon Sam, li te minis lagè ak marin.

6320.009.- Dates Historiques: Mois de Septembre

Meksik

12 septanm se yon jou enpòtan nan Meksik pou komemore Batayon Sen Patrik (San Patricios), ki te dezète Lame Ameriken an pandan Lagè Meksiken-Ameriken an (1846-1848) epi ki te goumen pou Meksik.

Dat sa a make kòmansman ekzekisyon pa pil pa pakèt sòlda Ilandè sa yo ak lòt imigran katolik anba men Lame Ameriken an pou trayizon. Gouvènman ak pèp Meksiken an onore sakrifis ak ideyal San Patricios yo nan seremoni anyèl, patikilyèman nan vil Meksik.

https://fr.m.wikipedia.org/wiki/Bataillon_Saint_Patrick#:~:text=Article%20d%C3%A9taill%C3%A9%20:%20Bataille%20de%20Chapultepec,collective%20commise%20par%20celle%2Dci

12 septanm : Selebrasyon Jounen Nasyon Zini pou koperasyon Sid-Sid

Dat sa a se yon komemorasyon adopsyon an 1978, Plan Aksyon Buenos Aires (BAPA), pandan konferans Nasyon Zini sou koperasyon teknik pou peyi k ap devlope (CTPD).

Plan sa a te yon gwo mwayen pou estriktire epi ranfòse koperasyon Sid-Sid, avèk objektif pou l vin yon enstitisyon ofisyèl nan lemonn antye.

Pou plis enfòmasyon, ou ka vizite lyen an:
https://cafrad.io/en-2025-les-nations-unies-celebrent-la-journee-de-la-cooperation-sud-sud-sous-la-thematique-de-lexploration-de-nouvelles-opportunites-et-innovations-par-le-biais-de-la-cooperation-sud-sud-et/

Etyopi

Koudeta 1974 la nan peyi Etyopi te fèt nan dat 12 septanm, lè Komite Kowòdinasyon Fòs Ame yo, Lapolis ak Lame Teritoryal la, yon jant militè Inyon Sovyetik te apiye epi ki te dirije peyi Etyopi kòm Derg la apre sa jiska 1991, te depoze Anperè Haile Selassie.

https://fr.m.wikipedia.org/wiki/Coup_d%27%C3%89tat_de_1974_en_%C3%89thiopie#:~:text=Le%20coup%20d’%C3%89tat%20de,le%20nom%20de%20Derg%20jusqu’