Ayiti
5 Oktòb 1802 : lanmò Charles Bel-Air ak madanm li Sanite Bel-Air
Apre yon tribinal militè fransè te kondane yo paske yo te pran zam kont sòlda ekspedisyon fransèz la, yon detachman militè te fizye Charles Bel-Air ak madanm li Sanite Bel-Air.
Charles Bel-Air se te neve Tousen Louvèti ki te fè l asistan li ak liyetnan li. Li te fè remèt li bay Leclerc, menm jan ak Dessalines ak anpil lòt, men li te revòlte lè li te aprann nouvèl la ki di Bonaparte te otorize retablisman esklavaj la nan mwa jen.
5 Oktòb Jounen Mondyal Pwofesè a
Jounen Mondyal Pwofesè yo selebre 5 oktòb. Objektif jou sa a se sansibilize moun sou enpòtans ak wòl pwofesè yo nan sistèm edikatif la, pandan y ap egzamine tou kalite travay fòmatè yo ap fè toupatou sou latè.
Se anba lobedyans UNESCO jounen sa selebre chak ane depi 1994. Se anba tèm : « Repanse metye anseyan an kòm yon pwofesyon kote n ap travay ansanm », li selebre ane sa yon mannyè pou souliyen enpòtans kolaborasyon kòm yon motè pou transfòmasyon edikasyon an.
https://fr.wikipedia.org/wiki/Journ%C3%A9e_mondiale_des_enseignants
Pòtigal
5 Oktòb 1910 Pwoklamasyon Repiblik Pòtigèz la
Pwoklamasyon Repiblik Pòtigèz la se rezilta yon koudeta Pati Repibliken Pòtigèz la te òganize. Yo pi konnen evènman sa sou non Revolisyon 5 Oktòb 1910.
Gwo chanjman politik ak sosyal sa a te lakòz fen monachi konstitisyonèl la, atravè ranvèsman wa Manuel II, epi enstalasyon yon rejim repibliken nan Pòtigal menm jou sa a.
https://fr.wikipedia.org/wiki/Proclamation_de_la_R%C3%A9publique_portugaise
5 Oktòb 1908 endepandans Wayòm Bilgari a
Wayòm Bilgari a se rejim politik ki te genyen nan Bilgari soti 1908 rive 1946. Li te parèt lè Prensipote Bilgari a te deklare endepandans fòmèl li parapò ak Anpi Otoman an, epi li te disparèt apre Dezyèm Gè Mondyal la, lè rejim kominis Repiblik Pèp Bilgari a te mete sou pye.
Prensipote Bilgari a te deja endepandan defakto depi nan lane 1878, men jou 5 oktòb 1908 la, Prens Ferdinand, pwofite lè Jèn Tik yo te pran pouvwa a nan men Konstaninòp, te deklare endepandans total ak konplè Bilgari e li te bay tèt li tit Tsar Bilgar yo.



























