Accueil yon dat,yon jou,yon evènman Yon jou, yon istwa, yon evenman

Yon jou, yon istwa, yon evenman

 

 

Ayiti 

 

_27 out 1793 : Pwoklamasyon Polverel pou aboli esklavaj nan Lwès Sen Domeng_

 

Nan moman sa, Sen Domeng te tounen yon chan batay ant Lafrans ak Angletè, epi Lafrans ak Espay. Komisè Polverel, Ailhaud, ak Sonthonax te gen yon gwo defi, paske yo te gen pou yo fè fas ak gwo pwopriyetè tè yo.

Pou yo te ka jwenn sipò esklav rebèl yo, yo te kòmanse bay kèk esklav libète yo, epi apre yo te pwoklame abolisyon total esklavaj la nan 2 tan Nan yon premye tan yo te pwoklamel nan zòn Lwès la nan dat 27 out 1793, epi apre sa nan Nò.

 

https://haiti24.net/ephemerides-du-27-aout/

 

 

Etazini

 

_27 out 2011 : Siklòn Irene frape kòt lès Etazini, li touye plis 49 moun epi li lakòz dega ke yo te estime a 13,5 milya dola_

 

Siklòn Irene te kòmanse kòm yon tanpèt twopikal nan dat 20 out 2011, nan lès Ti antiy yo. Li te fòme ak ranfòse, epi li te frape Sent kwa ak Pòtoriko, kote li te vin yon siklòn kategori 1.

Pandan li t ap pase bò Ispanyola, li te vin yon gwo siklòn kategori 3, li te frape Bahamas plizyè fwa anvan li te koube nan direksyon nò.

 

27 out, Irene te vin yon siklòn kategori 1 ankò lè li te touche tè sou Outer Banks nan Kawolin di Nò, sa ki te fè li premye siklòn ki frape Etazini depi 2008. Menm jou a, li te kontinye frape New Jersey ak Brooklyn, Nouyòk, men kòm yon tanpèt twopikal.

 

An jeneral, Irene te lakòz anpil dega ak 49 moun mouri nan tout wout li. Ozetazini sèlman, dega yo te estime a prèske 13,5 milya dola, sa ki fè li youn nan siklòn ki koute pi chè nan listwa peyi etazini.

 

https://www.calendarz.com/fr/on-this-day/august/27/hurricane-irene

 

Kanada

 

_27 out 1927 : 5 Fanm selèb yo_

 

5 fanm selèb yo (an anglè: Famous Five), yo konnen tou kòm The Valiant Five, se te senk fanm Kanadyèn militan pou dwa fanm yo. Yo tap defann dwa fanm ak timoun.

Non yo se te: Henrietta Muir Edwards, Nellie McClung, Louise McKinney, Emily Murphy, ak Irene Parlby.

 

Nan dat 27 out 1927, yo te mande gouvènman federal la pou l soumèt yon kesyon bay Kou Siprèm Kanada konsènan si fanm yo te kalifye pou yo vin senatè. Kesyon gouvènman federal la te poze Kou Siprèm nan se te: « Èske tèm ‘moun’ ki nan atik 24 Lwa Amerik di Nò Britanik 1867 la enkli fanm? »

 

Menm si pifò fanm Kanadyèn te gen dwa vote nan eleksyon federal ak nan tout pwovens eksepte Kebèk an 1927, ka sa a te yon pati nan yon mouvman pi laj pou egalite politik. Se te premye etap enpòtan pou egalite fanm yo nan Kanada ak kòmansman premye vag feminis la.

 

https://en.m.wikipedia.org/wiki/The_Famous_Five_(Canada)

 

Repiblik dominikèn

 

_27 out 1979 : siklòn David te frape basen nò Oseyan Atlantik la spesyalman repiblik dominikèn_

 

Se te 4yèm tanpèt twopikal ki te gen non, dezyèm siklòn ki te anrejistre e premye gwo siklòn nan sezon siklòn 1979 la nan nò Oseyan Atlantik.

 

Siklòn sa a, ki soti nan Kap Vè, li te gen kategori 5 e li te youn nan siklòn ki te touye plis moun nan dezyèm mwatye 20yèm syèk la. Li te fè plis pase 2 000 viktim, sitou nan Repiblik Dominikèn.

 

Siklòn nan te kòmanse ak yon vag twopikal ki te soti sou kòt Afrik la 22 out 1979. Yon depresyon twopikal te fòme nan mitan Atlantik twopikal la 25 out, anviwon 2 400 km nan lès Ti antiy yo, li te deplase tou dwat nan direksyon lwès nan yon zòn ki te gen kondisyon favorab pou l devlope 26 dawout.

 

Li te pran fòs pandan l t ap vire nan direksyon lwès-nòdwès epi li te vin pote non Siklòn David 27 dawout e se nan menm dat sa pou rive 28 out li te frape repiblik dominikèn avèk van ki te rive 240 km/h 28.

 

https://fr.m.wikipedia.org/wiki/Ouragan_David

 

 La dominik

 

27 out 2015 : Tanpèt Erika Ravaje zile Ladominik

 

Nan dat 27 out 2015, tanpèt Erika te frape Ladominik ak yon bilan terib. Dapre ajans The Dominican, te gen 35 moun ki mouri, plizyè milye moun ki pèdi kay yo, e dega yo te prèske rive nan 100 milyon euro. Ekonomi peyi a te pran gro frap.

 

Gwo van ak gwo lapli te frape zile Ladominik la pandan pasaj tanpèt Erika a. Nan demen apre siklòn nan te fin pase, peyi a te chanje nèt.

 

Nan yon gwo mouvman solidarite, rekonstriksyon peyi a te òganize avèk èd entènasyonal. Pami peyi ki te bay èd gen Gwadloup, epi gen Venezyela, ki te bay peyi Ladominik èd lojman.

 

https://la1ere.franceinfo.fr/guadeloupe/il-y-2-ans-dominique-etait-ravagee-tempete-ericka-505987.html