Ayiti
5 desanm 1492 : Christophe Colomb debake Mòl Sen Nikola
Christophe Colomb ak ekipaj 3 karavèl li yo debake nan Mòl Sen Nikola, sou kòt Nòdwès peyi Dayiti aprè yon long vwayaj ki te kòmanse nan dat 3 dawout 1492.
Lè l te rive nan destinasyon sa a nan non Ewòp ak Espay, li te tabli yon sistèm eksplwatasyon ki pa imen ki te gen ladan l ekstèminasyon pèp endijèn yo, etablisman kolonizasyon ak esklavaj, epi komès esklav la.
Se te kòmansman laterè pou pèp Amerik ak Karayib yo epi se te pwen depa youn nan pi gwo katastwòf limanite te sibi.
Sous : Haiti Reference
Ayiti
5 desanm 1794 : Rigaud atake twoup Britanik yo nan Pòtoprens
5 desanm 1794, Rigaud atake Britanik yo nan Pòtoprens. Se te viktwa twoup li yo nan Leyogàn 2 lane anvan sa, ki te pouse Rigaud atake refijye Britanik yo nan Pòtoprens ak yon twoup ki te genyen mil gason.
Li sibi yon gwo defèt epi li te oblije fè bak. Nan dat 26 desanm, li atake epi prèske detwi ganizon Britanik la nan Tibiwon, depatman Sid peyi a.
Sous : Haiti Reference
Ayiti
5 desanm 1929 : revòlt kont Prezidan Louis Borno
5 desanm 1929, Vil Okay revòlte kont Prezidan Louis Borno ak okipasyon ameriken an. Liy telefòn yo koupe, epi fè konfwontasyon ant Marin yo ak Pikèt yo. N ap souliye, pandan konfwontasyon an, 12 Pikèt mouri epi 25 blese.
Lafrans
5 desanm 1360 : kreyasyon nouvo lajan « franc »
5 desanm 1360, nan « Compiègne », Wa Jan II kreye yon nouvo lajan, ki rele « franc » ki te gen menm valè ak lajan ki te egziste deja a, « la livre tournois ».
« Franc » an te rete lajan referans Lafrans jiska 31 desanm 2001, dènye jou anvan entwodiksyon « euro » a.
Li toujou egziste nan ansyen koloni fransè yo nan Afrik ak Pasifik la, ansanm ak nan Swis.
Sous : www.herodote.net
Lafrans
5 desanm 1804 : kouwònman Anperè Napoleon Ier
5 desanm 1804, 3 jou aprè kouwònman li nan Katedral « Notre-Dame », Anperè Napoleon I distribiye Èg bay moun ki te fè pati « Grande Armée » a.
Seremoni sa te mete aksan sou fondasyon militè nouvo dinasti a. egzistans li te depann de siksè militè yo; premye echèk yo ta kapab mennen nan efondreman li.
Sous : Le monde.fr
Afrik di Sid
5 desanm 2013 : lanmò Nelson Mandela
5 desanm 2013, ewo lit kont rejim rasis apated la, Nelson Mandela mouri nan vil Johannesburg, peyi Afrik di Sid.
Premye prezidan nwa nan Afrik di Sid demokratik la. Aprè 27 lane nan prizon, nan lane 1990, Nelson Mandela, te negosye fen apated nan Lafrik di Sid ak Prezidan Eta a, F. W. de Klerk, li te pote lapè nan yon peyi divize sou baz kritè rasyal epi li te pòtpawòl lit pou dwa moun atravè lemond.
Sous : WALTER DHLADHLA / AFP



























