Accueil yon dat,yon jou,yon evènman Yon jou, yon dat, yon evènman

Yon jou, yon dat, yon evènman

 

Ayiti

28 novanm 1985 : lanmò 3 elèv nan vil Gonayiv

28 novanm 1985, 3 elèv lekòl mouri anba bal militè nan vil Gonayiv. Aksyon sa te pwovoke tout lekòl yo te fèmen an Ayiti, paske paran yo te twouve li enkonsèvab epi inakseptab pou yo kontinye voye pitit yo lekòl pandan FAd’H ak Tonton Makout yo t ap tire sou yo.

Se te yon tantativ pou sove rejim diktatoryal Duvalier a, ki te anba gwo presyon popilè.

Sous : Haiti Reference

Lafrans

28 novanm 1787 : siyati trete « Versailles »

28 novanm 1787, Monseyè « Pigneaux de Béhaine », ki te nan misyon nan « Asie du Sud », te fè Wa « Louis XVI » siyen yon ti trete ki te pote non « Versailles » kote Lafrans te pwomèt pou sipòte yon prens lokal, « Nguyên Anh ».

An echanj pou sipò li, Lafrans te jwenn tout pouvwa sou komès etranje ki te konn fèt nan 2 pò, « Tourane » ak « Poulo-Condor ».

Koloni modès sa yo te parèt kòm kòmansman yon revanj kont Britanik yo ki te kontwole peyi End.

Sous : www.herodote.net

Lafrans

28 novanm 1284 : efondreman pawa siperyè koral katedral « Beauvais »

28 novanm 1284, pawa siperyè koral katedral « Beauvais » a kraze. Li te gen yon wotè 48 mèt, ekivalan ak 20 etaj.

Pawa siperyè a ki te konstwi sou yon peryòd 12 lane, te yon rekò pou bòs mason medyeval yo, patizan atizay gotik.

Men, efondreman an te revele yo te pwobableman depase kapasite teknik yo. Avèk aksidan sa a, elan espirityèl ki te pouse kretyente medyeval la chante glwa Bondye nan katedral gotik la.

Sous : www.herodote.net

Almay

28 novanm 1943 : Konferans Teheran

28 novanm 1943, se te 2 lane anvan fen Dezyèm Gè Mondyal la, Konferans Teheran an te reyini pou premye fwa 3 prensipal lidè alye yo: Prezidan ameriken « Franklin Delano Roosevelt », Premye Minis britanik « Winston Churchill », ak lidè sovyetik « Joseph Staline ».

Yo te reyini pou diskite sou debakman « Normandi » nan mwa jen 1944 ak okipasyon Almay.

Sous : Wikicommons

Nouvèl Zeland

28 novanm 1979 : 257 moun mouri sou Mòn “Erebus”

28 novanm 1979, Yon avyon “Air New Zealand” fè aksidan sou Mòn “Erebus”, yon vòlkan Antatik. 257 moun te mouri nan aksidan sa.

Sous : es0teric

Nijerya

28 novanm 2020 : masak 110 kiltivatè nan peyi Nijerya

28 novanm 2020: Boko Haram ak Eta Islamik la, masake pou pi piti 110 kiltivatè Nan peyi Nijerya.

Yon masak ki te fèt pou agrave kriz sosyal ak alimantè a nan peyi Nijerya epi pou demontre enkapasite gouvènman an pou asire sekirite eleksyon lokal yo.

Se te nèg ak zam ki tap sikile sou moto ki ki te atake gason ak fanm nan « Koshobe », nan yon jaden diri, mwens pase 10 kilomèt ak « Maiduguri », kapital Borno ak episant ensireksyon islamik la.

Sous : humanite.fr