Ayiti
27 novanm 1789 : dekorasyon kolon fransè yo
27 novanm 1789, Asanble Konstitiyan la te dekore Kolon fransè yo, ki te delege blan ki sòti nan Asanble Nò a, ki reprezante Sendomeng, pou travay yo.
Objektif yo se te tabli yon pi gwo otonomi pou koloni an parapò ak metwo peyi a, patikilyèman sa ki gen pou wè avèk akò komès eksklizif la, ki vle di obligasyon pou fè komès sèlman ak metwo peyi a.
Sous : Haiti Reference
Ayiti
27 novanm 1888 : fòmasyon yon gouvènman pwovizwa nan Nò peyi a
27 novanm 1888, yon gouvènman pwovizwa fòme nan Nò peyi Dayiti, sou non Repiblik Nò a, avèk Florvil Hyppolite kòm chèf li.
Louis Mondestin Florvil Hyppolite, yo te rele Florvil Hyppolite, fèt nan dat 26 me 1828 nan vil Okap, depatman Nò Ayiti epi li mouri 24 mas 1896 nan Pòtoprens.
Se te yon politisyen epi militè Ayisyen ki te Prezidan Ayiti « à vie » sòti 17 oktòb 1889 rive jis nan lanmò li 24 mas 1896.
Sous : Haiti Reference
Ayiti
27 novanm 1908 : afwontman ant twoup Antoine Simon ak Nord Alexis
27 novanm 1908, twoup Antoine Simon yo te fè fas ak twoup Nord Alexis yo nan Anse-à-Veau. Twoup gouvènman yo te fè bak, epi kòmandan yo, pè reprezay, te kouri al nan anbasad la.
Se te Nan objektif pou pwoteste kont revokasyon patizan li yo nan depatman Sid peyi dAyiti.
Sous : Haiti Reference
**
27 novanm 1919 : siyati trete lapè nan vil « Neuilly»
27 novanm 1919, alye viktorye yo nan Premye Gè Mondyal la siyen yon trete lapè ak Bilgari nan vil « Neuilly », peyi Lafrans.
Dezyèm Gè Balkan an ki te fèt nan mwa jen pou rive mwa dawout 1913, lè Bilgari te lanse yon atak sipriz kont Grèk yo ak Sèb yo. Sepandan, sèb yo, avèk èd Women yo, te byen vit bat Bilgari.
Avèk Trete « Bucarest » la, ki te siyen nan dat 10 dawout 1913, Bilgari te oblije sede pi fò nan peyi Masedwan pandan l te kenbe aksè nan lanmè Eje a atravè pò « Dedeagach » la.
Sous : Le Monde.fr
End
27 novanm 2008 : dife eklate nan kapital ekonomik peyi End
27 novanm 2008, kapital ekonomik peyi End te pran dife epi te genyen masak pandan prèske 60 èdtan! Teworis yo te simen laterè nan 2 otèl ki pi liksye nan vil la.
« Taj Mahal » ak « Oberoi Trident », kote yo te kenbe anpil touris an otaj. Se plis pase 170 moun ki mouri ak plis pase 300 moun blese nan atak sa ki te relanse tansyon ant peyi End ak Pakistan.
Sous : Retro news




























