Ayiti
21 novanm 1883 : bonbadman vil Okap
21 novanm 1883, Prezidan Lysius Salomon bay lòd pou bato lagè « Jean-Jacques Dessalines » bonbade vil okap, ki twouve li nan Nò peyi Dayiti
Se te 2 jou aprè li te fin bonbade vil jeremi, nan objektif pou konbat opozan rejim li a.
Sous : Haiti Reference
Ayiti
21 novanm 1791 : siyati kontra pou defann egalite dwa nan Jakmèl
21 novanm 1791, Blan ak Milat yo siyen kontra Jakmèl pou defann egalite dwa ak privilèj sosyete kolonyal yo.
Se nan lane 1698, pandan kolonizasyon fransèz la ki te vini aprè kolonizasyon Espay la, yo te chanje non rejyon sa ki te nan men Endyen yo, pou l vini pote non Jakmèl.
Sous : Haiti Reference
Ayiti
21 novanm 1960 : pwotestasyon etidyan kont rejim François Duvalier
21 novanm 1960, etidyan yo nan inivèsite leta fè grèv pou pwoteste kont rejim François Duvalier a ki te fè arete yon nan mitan yo.
Sous : Haiti Reference
Almay
21 novanm 1806 : blokaj kontinantal kont Angletè
21 novanm 1806, Napoleon Ier te òganize « Blokaj Kontinantal » la kont Angletè, entèdi tout peyi Ewopeyen yo fè komès avèk li, atravè yon yon dekrè li te siyen nan vil « Berlin », Peyi Almay.
Anperè a pa t kapab bat Angletè militèman, li te eseye trangle li ekonomikman lè li te anpeche machann li yo vann bay kliyan abityèl yo.
Sous : www.herodote.net
Otrich
21 novanm 1916 : lanmò ansyen Anperè Otrich
Ansyen Anperè Otrich la, Franz Joseph I ki te gen laj 86 lane, mouri 21 novanm 1916, nan mitan dezyèm gè mondyal la.
Pandan 68 lane li te ap gouvène, anpil malè te frape fanmi li. Se neve li, ki te raplanse l sou twòn lan epi san pèdi tan li te eseye wete « Austro-Ongri » nan konfli.
Sous : www.herodote.net





























