Ayiti
14 septembre 2003 : manifestasyon ak kont-manifestasyon nan Kap-Ayisyen
Yon manifestasyon òganize pa pati opozisyon yo (mouvman Lavalas ki sou pouvwa a) ak gwoup sosyete sivil la k ap mande demisyon Prezidan Aristide te pwograme pou fèt jou sa a nan Kap-Ayisyen (depatman Nò).
Menm jou sa a, epi sou menm wout la, patizan gouvènman an te òganize yon kont-manifestasyon. Afwontman ant de bò yo te kite anviwon dis blese sou tou de bò yo ak yon moun mouri sou bò kont-manifestan yo.
Etazini
14 septanm 1901 : make lanmò 25yèm Prezidan Etazini William McKinley
Apre yon tantativ asasina 6 septanm anarchis Leon Czolgosz te fè sou Prezidan William McKinley, li te rann nanm li 14 septanm 1901 akoz blesi li te resevwa yo. An akò ak Konstitisyon an, Vis Prezidan Théodore Roosevelt te vin Prezidan Etazini.
https://fr.m.wikipedia.org/wiki/September_1901
14 septanm Fèt lakwa
Fèt Lakwa a se selebrasyon kwa ki te itilize nan Krisifiksyon Jezi a. Pandan yo komemore Pasyon an Vandredi Sen, fèt sa a onore Lakwa a li menm kòm enstriman delivrans. Li swiv divès modalite, tou depann de diferan denominasyon Krisyanis yo ak kalandriye liturjik yo. Egzaltasyon Lakwa Trè Sen an, ki toujou selebre 14 septanm, se youn nan douz gwo fèt Legliz Otodòks la. Nan Katolik, se Fèt Lakwa Gloriye a.
Nan dat 14 septanm nan, Legliz la selebre youn nan sèt fèt Senyè a pandan ane liturjik la. Yon selebrasyon ki trè ansyen.
https://fr.m.wikipedia.org/wiki/F%C3%AAte_de_la_Croix
14 septanm 1791 dekalarasyon dwa fanm ak sitwayèn
Deklarasyon dwa fanm ak sitwayèn nan se yon pwojè lwa fransè ki te ekri 14 septanm 1791. Li te mande pou fanm jwenn menm dwa legal, politik, ak sosyal ak gason.
Se ekriven Olympe de Gouges ki te ekri tèks sa a. Li te baze l sou Deklarasyon dwa moun ak sitwayen an ki te pwoklame 26 out 1789. Li te pibliye l nan yon bwochi ki te rele (Les Droits de la femme) e li te voye l bay Rèn Marie-Antoinette.
Se premye dokiman ki te pale sou egalite legal ak jiridik ant fanm ak gason. Olympe de Gouges te ekri l ak objektif pou l prezante l bay Asanble Lejislatif la, men pwojè a pa t jwenn sipò nan men depite yo.
Nan kontèks pwoklamasyon premye konstitisyon an, Olympe de Gouges te defann kòz fanm yo ak ironi, sitou an fas prejije gason yo. Li te ekri: « Fanm fèt lib e li rete egal a gason nan dwa. »
https://fr.m.wikipedia.org/wiki/D%C3%A9claration_des_droits_de_la_femme_et_de_la_citoyenne
14 septembre 1995 dat nesans aktyèl pap lan, Léon XIV
Robert Francis Prevost, ki te fèt nan Chicago nan dat 14 septanm 1955, se yon prela katolik ameriken ki natiralize Perouvyen. Li te eli papa 8 me 2025 sou non Leon XIV. Kòm evèk lavil Wòm, li vin 267yèm papa Legliz Katolik la ak chèf eta Vatikan an.
Li se premye souveren pontif ki soti Ozetazini e premye ki soti nan lòd Sen Ogisten. Apre li te fin misyonè nan Pewou soti 1985 rive 1998, li te gen responsablite nan Wòm. Apre sa, yo te nonmen li evèk nan dyosèz Chiclayo nan Pewou, e li te pran nasyonalite Perouvyen an 2015, sa ki fè l premye papa Peryvyen an.
https://fr.m.wikipedia.org/wiki/L%C3%A9on_XIV





























