Accueil yon dat,yon jou,yon evènman Yon jou, yon dat, yon evènman

Yon jou, yon dat, yon evènman

 

Ayiti

7 janvye 1991 : tantativ koudeta kont prezidan Pwovizwa Ertha Pascal-Trouillot

7 janvye 1991: Roger Lafontant, yon ansyen minis sou rejim Duvalier a, tante yon Koudeta kont prezidan Pwovizwa Ertha Pascal-Trouillot

Li te sezi palè prezidansyèl la epi fòse prezidan pwovizwa a li yon mesaj pou anonse demisyon li.

Patizan Jean-Bertrand Aristide, prezidan ki te fèk eli nan eleksyon 16 desanm 1990 yo, te anvayi lari Pòtoprens yo epi yo te fòse Lame Ayisyen an entèveni pou arete Lafontant. Li te asasinen nan lannuit 29-30 septanm 1991.

Haiti Reference

Larisi

7 janvye 1598 : Boris Godunov vini « Tsar » Larisi

7 janvye 1598, Boris Godunov vini « Tsar » Larisi aprè Jèn anperè « Feodor I », pitit gason « Ivan IV Terib » la, te mouri nan menm dat la. « Rejan Boris Godunov », bòfrè li, te pran plas li sou twòn nan.

herodote.net

Lafrans

7 janvye 1957 : gouvènman fransè a ranfòse otorite Jeneral « Jacques Massu »

7 janvye 1957, gouvènman fransè a konfye Jeneral « Jacques Massu » tout pouvwa lapolis sou Gran Alje a ki te genyen epòk la 800 mil abitan, kote mwatye ladan yo te Mizilman.

Gouvènman te pran desizyon sa pou anpeche atak san diskriminasyon tankou sa yo te fè nan « Milk Bar » ak Kafeterya.

Kolonèl Marcel Bigeard, Roger Trinquier ak Yves Godard, te vini aprè li, pou kòmande 6 mil gason nan dizyèm divizyon parachit la.

france-pittoresque

Angletè

7 janvye 1974 : enpozisyon 3 jou travay sou endistri britanik yo

7 janvye 1974, gouvènman konsèvatè « Edward Heath » la enpoze semèn travay twa jou sou tout endistri britanik la.

Mezi sa pa t anonse fen travay avèk pwosperite jeneral, men li te reflete sitiyasyon dezespere ekonomi nasyonal la, ki t ap fè fas ak yon grèv minè ki te anraje anpil.

Retro News

Angletè

7 janvye 1714 : depozisyon premye “Brevet” pou yon machin a ekri

7 janvye 1714, Henry Mill depoze premye “Brevet” pou yon machin a ekri. Enjenyè idwolik sa a, te travay pou « New River Company ».

Sepandan Ameriken yo, Otrichyen yo ak Fransè yo reklame envansyon machin sa.

Vincent Desjardins

Etazini

7 janvye 1927 : premyè kominikasyon telefòn entènasyonal ant “New York” ak “Londres”

7 janvye 1927, premyè kominikasyon telefòn entènasyonal ant “New York” ak “Londres”.

Prezidan Konpayi Telefòn ak Telegraf Ameriken epòk la pale avèk “Evelyn Murray”, Sekretè Deta gouvènman britanik la pou Lapòs.

Fred Dufour / AFP/Archives