Ayiti
14 novanm 1846 : pwoklamasyon konstitisyon 1846 la
14 novanm 1846, Prezidan Jean-Baptiste Riché, pwoklame konstitisyon 1846 la epi remete Ayiti sou chemen legalite.
Se aprè demisyon Prezidan Boyer nan dat 18 mas 1846 akòz ajitasyon Konstitisyon 1843, ki te trè demokratik epi byen ekri, men pat janm aplike te pwovoke.
Prezidan Jean Baptiste Riché te bay Sena misyon pou revize li. Konsa, prezidans pou tout lavi te retabli gras avèk nouvo tèks konstitisyonèl la ki te apwouve 14 novanm 1946, epi pibliye yon jou aprè.
Sous : Haiti Reference
Ayiti
14 novanm 1869 : Prezidan Nissage Saget pral kontwòl vil Okap
14 novanm 1869, Nissage Saget pran kontwòl vil Okap epi pita li vin prezidan Repiblik la.
Jean-Nicolas Nissage Saget, fèt nan dat 20 septanm 1810 nan vil Sen Mak, depatman latibonit, mouri 7 avril 1880 nan Pòtoprens, depaman lwès peyi Dayiti.
Li te yon militè epi politisyen Ayisyen ki te prezidan Repiblik Dayiti sòti 1869, aprè Sylvain Salnave te fin gouvène peyi a, rive 1874.
Sous : Haiti Reference
Etazini
14 novanm 1933 : dekouvèt kaskad « Angel Falls »
14 novanm 1933, Avyatè ak eksploratè ameriken « Jimmy Angel » dekouvri kaskad « Angel Falls », yon dlo ki pi wo nan mond lan, ki sitiye nan peyi Venezyela.
Li gen yon wotè total 979 mèt, kaskad dlo Venezwelyen sa a kraze tout rekò mondyal yo. “Niagara Falls » sanble piti an konparezon.
Dlo rivyè “Churún” yo plonje soti anlè “Auyán-Tepuy”, yon plato grè ki domine forè Pak Nasyonal “Canaima”.
Sous: partir.ouest-france
Pakistan
14 novanm 2009 : Bonbadman swisid nan peyi Pakistan
14 novanm 2009, yon bonbadman swisid nan Peshawar peyi Pakistan touye pou pi piti 10 moun epi blese 25 lòt.
Se yon kamikaz ki te fè eksploze yon machin ki te chaje avèk eksplozif, pandan lapolis te mande pou fouye machin li nan yon baraj, yon gwo entèseksyon nan vil “Peshawar”.
Malik Jehangir, yon ofisye lapolis ki responsab baraj la, te pale AFP aprè li te fin wè yon machin nwa sispèk, li te voye yon ofisye lapolis al enspekte li.
Sous : france24
Lafrans
14 novanm 1888 : inogirasyon Enstiti Pasteur nan vil Pari
Prezidan Sadi Carnot te inogire Enstiti Pasteur a nan vil Pari peyi lafrans nan dat 14 novanm 1888. Se te premye enstiti rechèch ki te janm kreye nan mond lan. Objektif li se te idantifikasyon viris.
Se yon abònman entènasyonal ki te finanse travay yo pou plizyè milyon fran. Li te satisfè volonte syantifik ki pi popilè limanite te janm konnen an, se li menm ki te pote non li.
Sous : www.herodote.net
Lafrans
14 novanm 2024 : prezantasyon 9e edisyon Diksyonè Akademi Fransèz
Se te yon jedi 14 novanm 2024, anba dòm Enstiti Frans lan, sou bò larivyè « Seine » nan, Sekretè Pèmanan Akademi Fransèz la, « Amin Maalouf », te prezante Prezidan Repiblik la nevyèm edisyon Diksyonè Akademi Fransèz la.
Dokiman sa a genyen 800 paj ak 53 000 mo konpare ak 32 000 pou edisyon anvan an.
Sous : www.herodote.net




























