Ayiti
7 novanm 1914 : Davilmar Théodore vini prezidan peyi Dayiti
Nan dat 7 novanm 1914, Davilmar Théodore vini prezidan peyi Dayiti. Kèk tan aprè, Milisyen yo te ranvèse li epi mete Jeneral Vilbrun Guillaume Sam nan plas li 22 fevriye 1915.
Joseph Davilmar Théodore, ki te fèt an 1847 nan komin Fò-Libète, depatman Nòdès peyi dAyiti, mouri 13 janvye 1917 nan Pòtoprens.
Se te yon ofisye militè ak politisyen Ayisyen, ki te fondatè milis « Cacos ».
Sous : haiti Reference
Lafrans
7 nouvanm 1766 : lanmò pent « Jean-Marc Nattier »
« Jean-Marc Nattier », ki te yon pent nan lakou « Louis XV », mouri 7 nouvanm 1766. Jean-Marc Nattier fèt nan vil Pari, peyi Lafrans, nan dat 17 mas 1685.
Pitit gason li, Marc Nattier, pent nan Akademi Wayal la, ak Marie Courtois ki te gen yon talan patikilye pou penti minyati. Parèn Jean-Marc Nattier sete Jean Jouvenet, youn nan pi gwo pent nan epòk li a. Papa l, ki te renmen « Art », te fè l aprann desine byen bonè nan Akademi an, kote li te genyen premye pri desen a laj de kenz an.
Sous : france-pittoresque
Lafrans
7 novanm 1659 : siyati « traité des Pyrénées »
Avèk « traité des Pyrénées », ki te siyen nan dat 7 novanm 1659, sou Zile « Faisans » sou fwontyè franko-panyòl la, Lafrans te mete fen nan 2 syèk ostilite avèk « Espagne ».
Maryaj ant wa « Louis XIV » ak kouzin li, « Marie-Thérèse », te sele rapwòchman sa a, Mazarin te negosye avèk ladrès.
Sous : www.herodote.net
Polòy
7 novanm 1867: nesans fizisyen Marie Curie
7 novanm, dat sa a make nesans Marie Curie, yon fizisyen ki te fèt nan lane 1867 nan nan vil « Varsovie », peyi « Pologne ». Marie Curie, ki te rele « Maria Skłodowska », te yon fizisyen ak chimis orijin polonèz ki te vin sitwayen fransèz.
Marie Curie renome patikilyèman pou travay li sou radyoaktivite, ki te fè l genyen de Pri Nobèl, nan fizik an 1903 ak yon lòt nan chimi an 1911.
Sous : Figaro
























