Ayiti
_1e septanm 1842 : Sosyete dwa moun ak sitwayen_
Premye septanm 1842, yo te fonde yon « Sosyete Dwa Moun ak Sitwayen » nan Okay.
Malgre non li, sosyete sa a, ki te gen Hérard Dumesle kòm prezidan, te plis yon pati politik opozisyon kont gouvènman prezidan Jean Pierre Boyer. Avèk zouti politik sa a, manm yo t ap prepare pou moman apre Boyer a.
Dokiman fondatè yo te gen rezolisyon sa a: « Y ap pwoklame yon gouvènman pwovizwa, ki genyen ladanl pèsonalite enpòtan nan majistrati ak nan lame, tankou sitwayen Imbert, Bonnet, Borgella, Voltaire ak Guerrier.
Ayisyen konte sou patriyotis gwo sitwayen sa yo, ki te deja bay anpil prèv devouman lè se te pou byen piblik la, pou yo aksepte gwo misyon tout kè bay yo a. Lè gouvènman pwovizwa a fin fòme, otorite pouvwa egzekitif la, ansanm ak Sena a epi Chanm reprezantan komin yo, ap sispann egziste. »
Jamayik
_1e septanm 1957 : Aksidan Tren nan Kendal, Jamayik_
Dimanch 1e septanm 1957, yon tren ki te kite Kingston pou Montego Bay te fè yon aksidan lè l t ap retounen. Tren an te gen twòp moun ladan l, anviwon 1,600 pasaje nan 12 vagon ki te fèt pou pote mwens moun. Aksidan an te fèt toupre Kendal, nan pawas Manchester.
Nan lè 11:10 nan aswè, chofè a te pèdi kontwòl tren an nan yon koub, sa ki te lakòz yon gwo demanbray. Katastwòf tren sa a, ke yo rele aksidan tren Kendal la, te lakòz lanmò 187 moun e te blese 700 lòt. Yo te antere anpil nan viktim yo nan yon fòs komen.
Evènman sa a te yon gwo trajedi nasyonal. Pou sa, gouvènman Jamayiken an te deklare 8 septanm 1957 kòm yon Jounen Nasyonal Dèy. Dènyèman, yo te rekonèt ofisyèlman 1e septanm kòm yon jou pou komemore viktim aksidan sa a.
Lives Derailed: On the 60th Anniversary of the Kendal Train Crash
Almay
_Aktion T4 : Asasinay Moun Andikape ak Moun Ki Soufri Maladi Mantal_
Nan dat 1e septanm 1939, Adolf Hitler te pase yon lòd pou kòmanse yon pwogram asasinay sistematik kont moun ki soufri maladi mantal ak moun k ap viv ak defisyans fizik. Operasyon sa te pote non Aktion T4.
Non T4 la se yon abrevyasyon adrès kote biwo santral la te ye nan Bèlen: Tiergartenstraße 4. Se la yo te rekrite ak peye pèsonèl ki te patisipe nan aksyon sa a. Yo te bay kèk doktè Alman otorizasyon pou yo chwazi pasyan yo te konsidere kòm « malad san gerizon » pou yo ba yo yon « lanmò ki gen pitye » (Gnadentod).
Hitler te siyen nòt pou otorize sa a nan mwa oktòb 1939, men se depi 1e septanm li te bay lòd la. Asasinay sa yo te dire soti septanm 1939 pou rive nan fen lagè a an 1945. Ant 275,000 ak 300,000 moun te mouri nan lopital sikyatrik nan peyi Almay, Otrich, Polòy ki te okipe, ak nan Tchekoslovaki (jodi a Repiblik Tchèk).
https://www.calendarz.com/fr/on-this-day/september/1/adolf-hitler
