Ayiti
30 dawout 1915 : Charlemagne Péralte refize obeyi Ameriken yo
Charlemagne Péralte rankontre Marin yo (Marine Corps) pou premye fwa nan Leyogàn, kote li te kòmandan militè distri a. Li te refize san pèdi tan bese drapo ayisyen an epi remèt zam yo san li pa te gen yon lòd ofisyèl ki soti dirèkteman nan men Prezidan Dartiguenave li menm.
https://www.haiti-reference.info/pages/plan/histoire-et-societe/ephemerides/dates-08aout/
Ayiti
30 dawout 1959
Yon gwoup mèsenè kiben te ateri sou tè Ayiti ak entansyon pou yo te ranvèse gouvènman an. Tantativ envazyon sa a te kraze apre sèlman 5 jou. Daprè kèk sous nan epòk la, youn nan moun ki te anvayi yo te gen lyen fanmi ak ansyen kandida pou prezidans la, Louis Déjoie.
https://www.haiti-reference.info/pages/plan/histoire-et-societe/ephemerides/dates-08aout/
Etazini
29 ak 30 dawout 1862 : batay Richmond nan Kentucky, te youn nan viktwa ki pi konplè pou Konfederasyon an
Gè sivil ameriken an, ki te kòmanse nan lane 1861 pou rive lane 1865, te mete inyon an (eta nan Nò yo) ak Konfederasyon an (eta nan Sid yo) fas a fas.
Kòz prensipal konfli a te kesyon esklavaj la, sitou si wi ou non li te dwe elaji nan nouvo teritwa ameriken yo.
Nan ane 1860, te gen 4 milyon (4 000 000) Afwo-ameriken ki te esklav sou yon popilasyon kite totalize 32 milyon Ameriken, e prèske tout te nan Sid. Pwatik esklavaj la te sant tansyon politik pandan 19yèm syèk la.
https://www.calendarz.com/fr/on-this-day/august/30/american-civil-war#google_vignette
