Ayiti
28 out 1994 : asasinay Pè Jean-Marie Vincent
Nan sware 28 out 1994, endividi moun pat rive idantifye te louvri kout zam sou Pè Jean-Marie Vincent devan rezidans Pè Montfortains yo nan Pòtoprens.
Pè Vincent kite genyen 48 lane lè yo te touyel la, te deja sove anba plizyè tantativ asasinay nan lane 1986 ak 1987. Pè Vincent te fèt 21 oktòb 1945 nan Baradè. Jouk jounen jodia yo pa rive kenbe koupab yo.
Sous : Fameux disparus. 1990-1994, Jean-Marie Vincent
Ayiti
28 out 2020 : asasinay mèt Monferrier Dorval
Nan lannwit 28 out 2020, moun ak zam asasinen batonye lòd avoka yo, Monferrier Dorval, lakay li Pèleren 5, komin Petyonvil. Batonye lòd avoka yo, kidonk, te mouri a 64 lane.
Me Dorval te fèt 10 jen 1956 nan Grand Salin, depatman Latibonit.
Etazini
28 out 1963 : Martin Luther King fè diskou « I have a dream » (mwen fè yon rèv)
Nan dat 28 out 1963, pastè Baptis epi aktivis ameriken Martin Luther King te fè yon diskou istorik ki rele « I have a dream » . Li te prezante diskou sa a devan Lincoln Memorial nan Washington, pandan yon mach sou Washington pou Travay ak Libète, yon evènman enpòtan pou mouvman dwa sivil la. Plis pase 250 000 manifestan te koute l.
Diskou sa a konsidere kòm youn nan pi gwo diskou 20tyèm syèk la Ozetazini. Martin Luther King te mande solanèlman pou rasis lan fini, epi li te reklame menm dwa sivil pou Ameriken Blan ak Ameriken Nwa. Diskou a te kòmanse ak yon referans a Proklamasyon Emansipasyon an ki te libere plizyè milyon esklav an 1863.
https://fr.m.wikipedia.org/wiki/I_have_a_dream
