Accueil yon dat,yon jou,yon evènman Yon jou, yon dat, yon evènman

Yon jou, yon dat, yon evènman

 

Ayiti

23 oktòb 1879 : Lysius Félicité Salomon nonmen Prezidan Ayiti

23 oktòb 1879, asanble nasyonal la chwazi Lysius Félicité Salomon Jeune kòm prezidan peyi Dayiti.

Touswit aprè enstalasyon l, Lysius Félicité Salomon Jeune, ki te minis finans sou rèy Anperè Faustin Soulouque, tabli yon gouvènman solid avèk 28 politisyen fidèl ak prezidans la.

Salomon te sòti an egzil pou vin ranplase « Boisrond Canal » sou pouvwa. Nan Mwa dawout 1888, li pèdi pouvwa epi pati an egzil ankò nan peyi Kiba ak Lafrans.

Sous: Wikipedia/ cimetiere-de-passy.com

Ongri

23 oktòb 1956 : Mouvman pou mande jistis pou Joseph Staline

23 oktòb 1956, abitan “Budapest” leve kont gouvènman kominis « Hongrie » a pou denonse lanmò « Joseph Staline », ki te yon revolisyonè bolchevik, òm deta Sovyetik ki genyen orijin li nan peyi “Georgie”.

Kèk jou aprè, premye sekretè Pati kominis Inyon Repiblik Sosyalis Sovyetik yo, “Nikita Khrouchtchev” fè plizyè tantativ pou kanpe mouvman, ki lakòz plis pase 20 mil moun mouri epi pouse 160 mil lòt pran refij yo nan Ewòp lwès.

Sous: herodote.net

Liban

23 oktòb 1983 : atanta teworis nan vil « Beyrouth  »

23 oktòb 1983, yon atanta teworis frape katye jeneral Fòs Amerikèn nan “Beyrouth” epi pwovoke gè sivil nan mitan fraksyon Libanèz.

Nan atanta sa te genyen 241 moun ki mouri. Kèk minit aprè, yon lòt eksplozyon fèt tou prè Imèb « Drakkar » ki touye 58 lòt moun pami yo, plizyè parachitis fransè.

Parachitis fransè ak Marin amerikèn yo, ki te fèk debake Liban nan epòk sa, te gen misyon fè respekte lapè sivil nan kad yon misyon nasyon zini ki te sou tèren avan sa.

Sous: herodote.net

Angletè

23 oktòb 1837

Yon lendi 23 oktòb 1837, 6 mil Peyizan ak patriyòt ki genyen kilti fransè, rasanble nan « Saint-Charles » sou non « Assemblée des Six-Comtés » an vyolasyon lòd gouvènè Anglè « Archibald Acheson ».

Nan rasanbleman sa, sou egzòtasyon, chèf Pati Patriyòt la, Louis-Joseph Papineau, patisipan yo reklame enstitisyon ak majorite frankofòn.

Touswit aprè, otorite yo mete manda darè kont chèf patriyòt yo ki te asyeje « Saint Denis ». Nelson ki te nan tèt rebèl yo, fòse sòldatl yo, repliye. Kèk jou aprè, otorite yo te arete Nelson epi kondane li pou egzil.

Sous: herodote.net/Wikipedia

Quitter la version mobile