Ayiti
25 desanm 1901 : lanmò ekriven Démesvar Délorme
25 desanm 1901, Pwofesè, jounalis, politisyen, minis, ekriven, Démesvar Délorme mouri nan vil Pari ak laj de 70 lane.
Li te depite sikonskripsyon okap ayisyen plizyè fwa epi li te responsab plizyè misyon diplomatik an Ewòp sòti 1891 rive 1893.
Sous : Haiti Reference
Itali
25 desanm 336 : premyè selebrasyon Nativite nan vil Wòm
25 desanm 336, premyè selebrasyon Nativite, yo rele jodi a nwèl, nan lavil Wòm peyi Itali sou inisyativ Pap Liberyis. Anvan sa, kominote kretyen yo te sèlman selebre lanmò ak rezirèksyon Jezi.
Pa gen okenn kote nan Levanjil yo ki mansyone yon dat pou nesans Kris la. Orijin 25 desanm nan, ak Nwèl li menm, se poutèt sa, chita nan dezi Legliz la pou adopte senbolis fèt payen yo.
Sous : www.herodote.net
Lafrans
25 desanm 1920 : reyalizasyon 18e kongrè sosyalis Fransè
25 desanm 1920, sosyalis fransè yo te òganize 18e kongrè yo nan « Tours », sou inisyativ Marcel Cachin ak Ludovic Frossard.
2 tyè nan delege yo te kite Seksyon Fransè Entènasyonal Travayè yo epi yo te fonde Seksyon Fransè Entènasyonal Kominis ki te afilye ak Twazyèm Entènasyonal Lenin nan.
Lè yo te fè sa, yo te aksepte 21 Kondisyon Lenin yo. SFIC la ta vin pita Pati Kominis Franse (PCF).
Sous : www.herodote.net
Itali
25 desanm 800 : aklamasyon Charles Ier
25 desanm 800, Charles Ier, wa Fran yo, te akonpaye Pap Léon III nan lavil Wòm. Kòm li pa t kapab konte sou pwoteksyon anperè Bizanten an ankò, pap la te deside al jwenn Fran yo.
Nan Bazilik Sen Pyè a, devan yon gwo delegasyon fran, li te mete yon dyadèm sou tèt Charles, li te fè foul la aklame l, epi li te mete ajenou nan pye l.
Konsa, wa Fran yo te vin « Anperè Women yo », avèk ilizyon pou l te relanse Anpi Women Lwès la, ki te disparèt 4 syèk anvan. Posterite yo sonje l kòm Charlemagne (ki soti nan laten Carolus Magnus, ki vle di « Charles le Grand »
Sous : Retro News























